Accessibility links

Breaking News

Etazini: Pèp La Pare Pou l al Vote Madi 7 Novanm Nan Eleksyon Palmantè yo


Madi 7 novanm 2006 la, ameriken yo ap vote pou eli yon nouvo kongrè nan Washington, yon pwosesis ki fèt chak 2 zan, daprè konstitisyon Etazini an. Pami syèj ki an je yo, genyen tou lè 435 syèj nan chanm dè reprezantan an e 33 nan sena a ki fòme ak 100 senatè. Votan yo ap chwazi tou 36 gouvènè eta.

Rezilta eleksyon ane sa a kapab gen konsekans sou balans pouvwa a nan Washington, nan moman kote se repibliken yo ki gen kontwòl prezidans la ansanm ak tou 2 chanm kongrè a. Demokrat yo -- ki nan opzisyon -- ap bezwen ranpòte 15 syèj pou yo repran kontròl chanm dè reprezantan an e yap bezwen 6 syèj pou yo gen yon majorite nan sena a. Repibliken yo gen kontwòl tou 2 chanm kongrè a depi 1994, eksepte an 2001 e 2002 lè demokrat yo te gen kontwòl sena a pou yon ti peryòd tou kout.

Si w pale anglè, ou kapab patisipe nan yon echanj an dirèk (Chat) sou sit web Vwadlamerik la (www.voanews.com) le 8 novanm sòti 15 zè pou rive 16 zè GMT (10 zè a 11 zè di maten lè Washington e Pòtoprens) konsènan rezilta eleksyon nan mitan mandan prezidan ameriken an.

XS
SM
MD
LG