Accessibility links

Breaking News

Yon Kout Je sou Lavi Etidyan Ayisyen nan Kiba


Nan lane 1996, peyi d Ayiti te retabli relasyon diplomatik li ak Kiba, sèl nasyon kominis nan Karayib la. Sa te fèt nan moman Prezidan epòk la, Pè Jean-Bertrand Aristide, t'ap remèt pouvwa a bay Chèf deta ki te eli nan eleksyon fen ane 95 yo, ansyen Premye-Minis René Garcia Préval. Depi lè sa a, gen yon kòd zanmitay ak kooperasyon ki mare ant Pòtoprens ak La Avàn, sitou nan domèn medikal. Se konsa, gouvènman Castro a voye yon bon valè doktè al bay konkou gratis nan plizyè rejyon Ayiti tandiske gen pwogram bous ki pèmèt jenn Ayisyen ale resevwa edikasyon siperyè nan Kiba.

Youn ladan yo, Doktè Herby Lafrance, ki soti nan zòn Maniche (pa lwen vil Okay, nan sid Ayiti) rakonte Lavwadlamerik kouman eksperyans la ye pou li ak kanmarad li yo. Angwo, Doktè Lafrance di nou li satisfè, men li ta swete plis patisipasyon otorite Pòtoprens yo, non sèlman nan kontribisyon lajan yo konn' bay etidyan yo, men tou nan efò ki ta dwe fèt pou akomode diplome ki soti Kiba yo.

Ou ka koute ti kozman sa a si ou fè klik sou ralonj ki anlè foto a.

XS
SM
MD
LG