Accessibility links

Breaking News

Militan Lavalas Anonse Operasyon Baghdad-2 Nan Pòtoprens


Patizan Lavalas yo anonse yon dezyèm vèsyon Operasyon Baghdad la apati de jodi 30 oktòb la. Objektif yo deklare se fòse gouvènman an ba yo djòb yo te pèdi sou rejim tranzisyon Gérard Latortue a. Dapre nouvèl ki soti nan kapital ayisyèn nan, kanpay presyon beton sa a ta kapab pwovoke zak vyolans e teste volonte Prezidan René Préval ak Premye-Minis Jacques Edouard Alexis pou yo mete lòd nan sektè piblik la san yo pa tonbe nan demagoji. Rotchild François, Jr. ap ban nou detay pandan l'ap siyale selebrasyon Jounen Entènasyonal Prizonye yo, dimanch 29 la.

Nan Gonayiv, yon lidè pati Fusion an mande KEP a evite erè ki te fèt nan 2 premye eleksyon ane 2006 la. Alfred Jean gen detay.

Nan vil Sen-Mak yon òganizasyon ki rele Volontè pou Devlòpman Ayiti lanse yon pwogram pou motive jenès lokal la sou danje SIDA, dapre yon korespondans Galilée Périlus.

Pou w koute repòtaj sa yo, fè klik sou ralonj ki anlè foto a.

XS
SM
MD
LG