Accessibility links

Breaking News

Etazuni ap Patisipe nan Kopa Amerika 2007 la


Football

Seleksyon football ameriken an, kap chache yon antrenè, fè konnen li aksepte envitasyon pou l al patisipe nan Copa Amerika a kap jwe soti 26 Jwen pou rive 15 Juyè 2007 ak patisipasyon 12 peyi nan 9 vil O Venezuela. Premye faz la ap demare 3 group de 4 ak 2 premye nan chak goup yo ak 2 meyè 3 zièm yo ak kalifye pou jwe yon faz dechoukaj. Tiraj osò a ap dewoule ane pwochèn ak Brezil, Arjantin ak Venezuela kòm tèt de seri. Dènye fwa Etazuni te patisipe nan Copa Amerika a se te an 1995 kote yo te fini 5 kièm.

Antrenè seleksyon franse a Raymond Domech di li an favè yon 2 zièm abit sou teren an epi pou sèvi ak videyo pou vizyone tout aksyon ou desizyon ki soulve dout. Msye Domenech di juj de touch yo dwe gen menm pouvwa ak abit prensipal la.

Christine Sinclair make 3 gòl pou l ede Kanada kale Kore du Sud 3 a 1 nan konpetisyon Koup Peace Queen nan kap dewoule nan Kore du Sud. Itali fè match nul 1 a 1 ak Brezil. Demen Madi a Etazuni ap rankontre ak Ostrali pandan Danmak pral mate balon fas a la Oland. Final konpetisyon an ap dewoule Samdi nan Sewoul.

D-C United kalifye pou final Konferans de Lès la malgre yo fè match nul 1 a 1 ak New York Red Bulls. Josmer Altidor make, pitit yon ayisyen nan Florid, e ki te ouvri skò pou New Yorkè yo, konsantrasyon se koz eliminasyon yo. "Se te yon plezi jwe match retou a isit Washington --mwen make gòl la se vre-- men nou pèdu konstrasyonn nan 10 dènye minit la--e kòm footbalè nou pa kapab pèmèt sa". Christian Gomez egalize pou D-C United ki kalifye akoz yo te ranpòte match ale a 1 a 0 semen pase a. Dimanch kap vini la a D C United ap akeyi New England Revolution. Houston Dynamo elimine Chivas USA gras ak yon swif 2 a 0 pou l rankontre an final Kolorado Rapids nan final Konferans de Lwès la.

Seleksyon nasyonal footbal feminen ameriken an fè match nul 1 a 1 ak Danmak nan match douvètu group B a chanpyona football kap dewoule an Kore du Sud. Nan group B a Ostrali ranpòte yon viktwa tou mens devan Ostrali. Nan group A a Brezil ap rankontre jodi a ak Itali pandan ke Kore du Sud ap rankontre ak Kanada. Tounwa sa a antre nan kad tounwa chofe jarèt avan eliminatwa koup du mond football feminen a pou Etazuni kap kòmanse nan Kalifòni mwa pwochen an.

Chikago Bears ak Indianapolis Colts rete sèl ekip football zèpòl kare ki poko pèdu oken rankont apre 8 tièm semen chanpyona a. Indianapolis Colts ranpòte yon viktwa tou mens 34 a 31 devan Denver Broncos. Chikago Bears danse sou San Francisco 49ers 41 a 10. Dallas Cowboys pilon-nen Carolina Panthers 35 a 14 aloske Jacksonvil Jaguars te fè anpil efò avan li kale Philadelphia Eagles 13 a 6. Aswè a New England Patriots ap fè yon kout pye lakay Minnesota Vikings.

Atletisme

Ruben Garcia yon kaporal lame gad kòt Meksiken ranpòte pou yon 2 zièm ane 31 nièm edisyon kò la marin ameriken an devan plis pase 30 mil patisipan. Ameriken Laura Thompson ranpòte kategori feminen an.

Tennis

Jwè tenis de tab chinwa Ma Lin ranpòte koup du mond tenis de tab pou yon 2 zièm fwa afile devan konpatriòt li Wang Hao.

Numewo 1 tenis mondyal maskulen an Swis Roger Federer pat patisipe nan tounwa tenis dè mèt Pari. Sa fè 4 jwè gwo kalib ki fè retrèt nan tounwa a. Lòt yo se Espayòl Rafael Nadal, Arjanten David Nalbadian, Ameriken Andy Roddick.

Franse Richard Gasquet ranpòte 4 trièm tit nan karyèl. Gasquette kale an 2 manch konpatriòt li Marc Gicquel 6-3, 6-1 pou l ranpòte tounwa tenis Lyon an. Numewo 1 tenis mondyal maskulen an Swis Roger Federer kale chilyen Fernando Gonzalez pou l ranpòte tounwa tenis an sal Swis la ki tap dewoule nan Bal. Rezulta final la se 6-3, 6-2, 7-6 pou l ranpòte 4 trièm tit afile l ak yon total 11 tit pou ane a. Federer, ki gen yon palmarès 87 viktwa kont 5 defèt pou ane a, rete sèl jwè tenis nan periòd sa a ki ranpòte 10 tit pandan 3 zan afile.

Rus Maria Sharapova ranpòte 5 kièm tounwa tenis nan karyè l gras ak 2 kout rakèt li pase konpatriòt li Nadia Petrova 7-5, 6-2 pou l ranpòte tounwa tenis Feminen ki tap dewoule nan Linz an Otrich. Viktwa ki klase manmzèl kòm numewo 2 mondyal dèyè franse Amelie Mauresmo. Sharapova kapab kloture ane a kòm numewo 1 mondyal akondisyon li ranpòte tounwa tenis Madrid la ki se dènye tounwa tenis WTA pou ane a. Kwat Mario Ancic kale Swedwa Thomas Johansson 7-5, 7-6 pou l ranpòte tounwa tenis Sent Petersburg la ki tap dewoule an Rusi.

XS
SM
MD
LG