Accessibility links

Breaking News

Prezidan Luis Inacio Da Silva Reeli Nan 2zyèm Tou Eleksyon Prezidansyèl Brezil la


Prezidan brezilyen an, Luiz Inacio da Silva (Lula), reeli dimanch 29 oktòb la nan dezyèm tou eleksyon prezidansyel la. Tribinal elektoral siprèm nan ofisyèlman pwoklame rezilta yo ki montre msye Da Silva rekolte pliske 60% vwa yo. Apre depouyman 90% bilten yo, Lula tap mennen vè 6 zè di swa menm dimanch lan ak 60,6% vwa e rival sosyal-demokrat li a, Geraldo Alckmin, te gen 39,4%. Tousuit apre tribinal elektoral siprèm nan finn anonse rezilta a, patizan Lula yo te desann nan lari, sou boulva Paulista a, nan vil Sao Paulo pou selebre.

Avèk kò mizik yo e ak kout klakson otomobil, yo tap chante tèm kanpay elektoral la "Ole, Ole, Ole, Ola, Lula, Lula"; apre "Lula se Lula gras ak fòs pèp la. Pi bonè nan jounen an, pandan li ta pral vote nan Sao Bernardo do Campo, bastyon li e sant endistriyèl Sao Paulo, Lula te deklare li "kontan e ere". "Li di se Bondye li dwe remesye pou 2 zyèm tou a" paske se kòmkidire pèp la reveye toudenkou, pa maji, e di "mwen ekziste, fòk mwen patisipe". Luis Inacio Da Silva, Lula, se yon ansyen ouvriye ki tap travay nan domèn "acierie" e l' te eli prezidan Bezil an 2002. Men nan premye tou eleksyon 1er oktob la li pat rekolte majorite li te bezwen pou l' evite 2zyèm tou sa a. Li te ranmase sèlman 48,6% vwa yo e rival li a, Geraldo Alckmin, 41,6%. Anpil obsèvatè di rezulta sa a--ke sondaj yo pat prevwa-- se akòz yon seri eskandal ki te souke Pati Travayè li a (PT) kèlke jou anvan vòt la.

XS
SM
MD
LG