Accessibility links

Breaking News

Vyolans Kontinye Fè Viktim Nan Site Solèy


Nouvèl ki soti nan peyi d Ayiti fè konnen 2 lòt moun blese nan Site Solèy pandan fen semèn nan lè sòlda MINUSTAH sanble te tire sou Legliz Advantis Maranaïm, dapre pastè ki responsab kongregasyon an. Sepandan, misyon L'ONU an pa di anyen sou ensidan an ki rive 2 jou apre vyolans te pran lavi 2 moun nan site a.

Pandansetan, responsab eleksyon yo, pi presizeman Direktè-Jeneral KEP a, Jacques Bernard, anonse tout bilten vòt pral rive nan peyi a nan jou k'ap vini yo e eleksyon 3 desanm yo ta dwe dewoule kòmsadwa nan dat yo prevwa a.

Fè klik sou ralonj anlè tèks sa a pou w koute repòtaj Renan F. Toussaint.

XS
SM
MD
LG