Yon delegasyon CARICOM rive Pòtoprens mèkredi e yo fè yon rankont ak prezidan Rene Preval e ak premye minis Jacques-Edouard Alexis.
Objektif vizit sa a se pou CARICOM eksprime volonte li pou l ede Ayiti sou plan finansye.
Delegasyon an kite Pòtoprens nan menm jounen mèkredi a, sepandan kèk manm delegasyon an rete ann Ayiti pou wè kijan CARICOM ka ede fè devlopman nan nasyon Karayib sila a.
Korespondan nou Rotchild F. Junior reponn kesyon Jacques Jean-Baptiste.
Klike sou lyen anlè a pou w koute repòtaj sou aktyalite a ann Ayiti pou mèkredi 18 oktòb 2006 la.