Accessibility links

Breaking News

Meksik ap Chache yon Nouvo Antrenè


Football

Meksik ki pa gen antrenè depi eliminasyon-l nan 8e de final Mondyal Almay 2006-la devan Arjantinn e surtou apre fen kontra arjanten Ricardo La Volpe, wi Meksik ap chèche yon antrenè. Gen anpil non kap site. Federasyon-an kenbe yon lis 7 kandida pami-yo meksiken Hugo Sanchez . Lòt non ankò se alman Jurgen Klisman ansyen antrenè Almay-la ak arjanten Americo Gallego

Chanpyona foutbòl premyè divizyon-an, ap demare demen 6e jounen-an ak yon klasik ant FC Barselòn, toujou envenku kont FC Seviy 3e pozisyon ki pataje ak Barca premye plas klasman meyè atak-la .

Isit Ozetazuni dènye jounen lig football balonwon ameriken an New York Redbulls nan yon pozisyon kote li dwe ranpòte la viktwa si l vle kalifye pou faz final la lè yap akeyi Kansas City Wizards ki li menm bezwen yon match nul. Nan lòt rankont New England Revolution ap akeyi Colombus Crew. Houston Dinamo ak akeyi Kolorado Rapids ki li menm bezwen yon viktwa. Los Anjeles Galaksi ki pa prèske genyen anyen lap defan ap akeyi FC Dallas. Dimanch isit Washington D.C United ak akeyi Chikago Fire epi Real Salt Lake pral lakay Chivas USA.

Federasyon Football Libi a revoke antrenè seleksyon an Mohsen Saleh apre movèz pèfòmans seleksyon an renmèt nan 2 dènye match kalifikatif koup dAfrik dè Nasyon an. Libi fè match nul 1 a 1 ak Republik Demokratik Kongo epi li te pèdu 1 a 0 devan Etyopi. Responsab yo non-men Abu Baker Bamy nan plas Saleh ki fè konnen yo seleksyon pa kapab prepare nan yon kèk mwa.

Tennis

Nan tounwa ATP vyèn-nan , arjanten David Nalbandian (2) tonbe nan kar de final devan chilyen Fernando Gonzalez (5) . Skò final 2 sèt a 1 : 3-6, 6-3, 6-1. Nan stokòlm nan yon lòt tounwa ATP , fenlandè Jakko Nieminen(5) elimine espayòl Feliciano Lopez an 2 sèt : 6-3, 7-5.

Nan Moskou , avèk tounwa tenis Kremlen-an , ni gason ni fi ann aksyyon . Dabo kay mesye-yo , Fabrice Santoro(7) kalifye pou demi final apre viktwa-l sou alman Philip Kol-schreiber an 2 sèt : 6-3, 7-5 ; Tèt de seri numewo 1 0-an mete deyò jwè Belarus Max Mirn-yi an 2 sèt tou 6-3, 7-5.

Kay medam-yo tchèk Nicole Vaidisova (8) elimine numewo 1 mondyal-la fransèz Amelie Mauresmo an 3 sèt : 1-6, 7-5, 7-6 ; kalifikasyon tou pou rus Nadia Petrova ak konpatriyòt-li Anna Chek-vetadze ki li-menm kalifye akoz numewo 2 mondyal , la bèl Maria Sharapova ki blese.

Basketball

Dallas Mavericks pwolonje kontra antrenè Avery Johnson pou 5 kan ak espwa li kapab men-nen ekip la nan final chanpyona nasyonal la pou sezon an. Dapre nouvèl yo Johnson, meyè antrenè pou sezon 2006 la, ap resevwa yon lot̀ 20 milyon dola. Dallas Mavericks, te fini sezon regulye a ak yon palmarès 60 viktwa 22 defèt e li te pèdu an final devan Miami Heat nan final nasyonal la apre li te ranpòte 2 premye rankont yo.

Atletisme

Federasyon Levè-d-pwa entènasyonal la fè konnen lap leve sanksyon yon lane kap peze sou do lend yon fwa dirijan yo peye amand 50 mil dola apre 4 atlèt federasyon peyi a te teste pozitif pou dròg entèdi. Responsab Endyen yo di yap chache lajan an yon fason pou yo kapab patisipe nan je Azyatik yo kap dewoule nan Desanm pwochen nan Katar.

XS
SM
MD
LG