Accessibility links

Breaking News

2 Seleksyon Feminen Karayib la ap Patisipe nan Faz Final Koup Dò KONKAKAF la


Football

Jamayik pral rankontre ak Panama pandan ke Mesik pral tope kò n li kont Trinidad and Tobago le 19 Novanm pou detèmine seleksyon kap kalifye pou semi final koup dò KONKAKAF feminen an.

Venkè rankont Jamayik/Panama a ap rankontre ak Kanada pandan ke venkè rankont Meksik/ Trinidad and Tobago a ap rankontre ak chanpyon sòtan an, Etazuni le 22 Novanm nan Kalifòni. Venkè semi final yo ap rankontre an final e ap kalifye pou faz final koup du mond football feminen ki gen pou dewoule an Chin an 2007. 2 pèdan yo ap jwe yon match de klasman. Gayan an pral jwe yon match de baraj ale/retou kont Japon. Jamayik, kalifye apre li elimine Bermud ak Ayiti pandan ke Trinidad and Tobago te elimine Surinam ak Republik Dominikè n.

Kwasi surpann Angletè ak yon viktwa 2 a 0 epi Masedwan woule Andor 3 a 0 pou l kreye plis ensètitid nan group E a kote Angletè, Masedwan ak Izrayèl ak menm kantite pwen nan kad match kalifikatif koup dEròp dè Nasyon 2008 la. Chanpyon sòtan an la Grès toupizi Bosni Erzegovinn 4 a 0.

Yon lòt supriz nan jounen an se viktwa Malte ranpòte devan la Hongri. Turki ki danse sou Moldavi 5 a 0 gen menm kantite pwen ak la Grès. Pral gen yon gwo duèl ant la Grès ak la Turki le 24 Mas nan vil Atè n. Sèbi ap domine group A apre swif 3 a 0 yo pase Armeni. Findland klase 2 zièm nan group la apre viktwa 2 a 0 yo ranpòte devan Kazakhstan. La Polòy ranpòte yon viktwa tou mens devan Portugal 2 a 1. nangroup B a Itali woule Jòrji 3 a 1 pandan ke Ukrèn ralanti kous Ekòs ak yon viktwa 2 a 0.

La Swèd ap domine group F la gras ak yon viktwa 2 a 1 li ranpòte devan Island. Danmak klase 2 zièm apre li pilon-nen Liechtenstein. Almay van-nen Slovaki 4 a 1 nan group D a. La Frans fè yon sèl bouche ak Il Feroe yo 5 a 0. La Oland kale Albani 2 a 1 nan group G a. Nan lòt rankont Beljik woule Azerbaijan 3 a 0. Irland fè match nul 1 a 1 Republik Tchèk. Peyi dè Gal kale Chipr 3 a 1. La Rusi kale Letoni 2 a 0. Liechenstenin tonbe 4 a 0 devan Danmak. Lituani pat gen chas devan Irland du Nò 1 a 0. Belarus woule Sloveni 4 a 2. Bulgari 1 a 0.

Nan match amikal entènasyonal antrenè seleksyon espayòl la Luis Aragones fèmen bouch kritik yo gras ak yon viktwa 2 a 1 yo ranpòte devan Arjantin yè Mèkredi a. Gadyen seleksyon franse a Fabien Barthez ap monte teren an aswè a nan okazyon yon match de charite an favè vyeyar yo. Se premye rankont Barthez ap jwe depi final koup du mond la e yon semen apre li te anonse retrèt li sou sèn football entènasyonal la.

An Itali Fiorentina pral plede koz li devan otorite la justis Italyen yo pou patisipasyon nan eskandal ki sakaje football peyi a. Yè Mèkredi a otorite la justis yo te tande Juventus de Turen, Milan AC ak Lazio de Wòm. Responsab yo di yo konfyan otorite yo ap redui sanksyon yap purje pou kulpabilite yo nan eskandal la. Fiorentina bò kote pa l pral mande yon anulasyon sanksyon yo. Tribunal la ap pwononse l sou dosye a nan fen mwa Oktòb la. Si klub konsène yo pa satisfè yo kapab men-nen dosye a devan Tribunal Apèl Spòtif la nan vil Lauza n an Swis.

FIFA publiye yon lis 30 kandida publiye pou resevwa pri meyè jwè FIFA pou ane a nan kategori maskulen. 20 footbalè fi publiye pou kategori feminen an. Pami kandida yo 5 te jwe nan seleksyon Italyen an ak 5 lòt pami vis chanpyon an la Frans. Antrenè ak kapitè n seleksyon maskulen ak feminen kalifye pou vote. FIFA ap anonse 3 finalis nan chak kategori nan debu mwa Desanm. Venkè a ap resevwa pri meyè footballè FIFA pou ane 2006 la nan okazyon Gala kap dewoule nan vil Zurik an Swis 18 Desanm ane sa a.

Antrenè seleksyon Slovaki a Dusan Galis demisyone nan tèt seleksyon an depi Madi-yon jou avan seleksyon an tonbe devan Almay 4 a 1 nan kad match kalifikatif koup dEròp dè nasyon 2008 la. Otorite yo kapab non-men yon ranplasan nan jou kap vini la yo. Slovaki te elimine nan match de baraj koup du mond FIFA ki sot dewoule an Almay.

Iran ak Kore du Sud kalifye pou faz final koup Azyatik la. Iranyen yo rive nan final la apre yo tronse Taiwan 2 a 0. Kore du Sud kalifye ak difikilte gras ak yon match nul 1 a 1 yo fè ak la Siri. Kore du Sud ak Iran gen pou rankontre men se sèlman pou konnen ki seleksyon kap fini an premyè pozisyon.ç Lòt peyi ki deja gen tikè yo se Japon, Arabi Sawoudit, Katar, Ostrali, ak Emira Arab Uni yo, Tailand, Indonezi, Vyetnam ak Malezi. Faz final la ap demare an Juyè pwochen.

Olympics

Yon tribunal nan vil Pari kondane prezidan komite olenpik franse a Henri Serandour pou korupsyon pandan yo sispann 3 mwa prizon li te supoze purje. Tribunal la frape msye Serandour yon amand 25 mil dola. Msye Serandour, ki se manb komite Olenpik Entènasyonal la, anba akuzasyon ke li bay 2 travay remunere bay yon konpayi komunikasyon ki te anplwaye madanm li, ansyen najè Catherine Poirot. Gen posibilite pou komite olenpik entènasyonal la suspann li ou byen radye l apre vèdik tribunal la.

Basketball

Filadelfia 76ers ranpòte yon bèl viktwa devan klub basket Rus CSKA 85 a 71 pou l ranpòte kwadrangulè tounwa basketball ki tap dewoule nan Colòy an Almay. Allen Iverson make 28 pwen nan viktwa a pandan ayisyen Samuel Dalembert ajoute 15 pwen epi trape balon an 18 fwa nan vikwa a. Nan lòt rankont Phoenix Suns woule klub Izrayelyen Maccabi de Tel Aviv 119 a 102 pou l konsole l ak 3 zièm plas la.

Tennis

Nan yon duèl ki te mete fas a fas 2 jwè tenis Rus, Nadia Petrova te bezwen 2 manch 6-3, 7-5 pou l kale konpatriòt li Elena Likhovtseva epi kalifye pou kar de final tounwa tenis koup Kremlen an kap dewoule nan vil Moskou. Elena Dementieva remonte yon defisi pou l kale Izrayelyen Shahar Peer 4-6, 7-6, 6-3. Swis Patty Schnyder, Tchèk Nicole Vaidisova, Rus Anna Chakvetadze kalifye pou kar de final tounwa a.

Espayòl Rafael Nadal elimine nan tounwa tenis Open Stockholm nan. Se Swedwa Joachim Johansson ki woule espayòl la ak 2 kout rakèt 6-4, 7-6 pou l kalifye pou kar de final la. Ameriken James Balke kalifye tou apre li elimine Thomas Johanson 6-3, 6-2. Bèlj Olivier Rochus kalifye tou men ak difikilte pou l kale Tailandè Paradorn Srichaphan 6-2, 6-7, 6-2. Bèlj Kritof Vliegen remonte yon defisi pou l kale Kanadyen Frank Dancevic 3-6, 6-4, 6-4.

Cyclisme-

Siklis ameriken Llyod Landis, ki anba akuzasyon pou dopaj apre li finn ranpòte kous bisiklèt Tour de Frans ane sa a publiye sou entènèt yon dosye kote li defann tèt li kont akuzasyon yo(www.floydlandis.com). Komite kap defann siklis la denonse mank e melanj ki gen nan tès urin nan tankou pwosede yo pa swiv nòm ak pwotekòl yo, echantiyon urin nan pa koresponn ak echantiyon siklis la. Ajans Anti dopaj ameriken an te rejte an Septbam pase a rekèt avoka Landis te fè pou l abandone akuzazyon kap peze sou do siklis la. Landis, kap fè fas ak yon suspansyon 2 zan, sanble prale an apèl an 2007 pou konbat akuzasyon an.

XS
SM
MD
LG