Accessibility links

Breaking News

4 Moun Pèdi Lavi yo Nan Aksidan Yon Ti Avyon Ki Antre Mèkredi Apre Midi nan Yon Gratsyèl nan vil Nouyòk


Yon ti avyon ki tap transpòte yon jwè ekip bezbòl Nouyòk Yankee, Cory Lidle, antre nan yon bilding 40 etaj mèkredi apre midi 11 oktòb la. Pami kat viktim yo, Lidle ansanm ak yon dezyèm pasaje ki te abò aparèy la peri nan aksidan an ke moun te panse, pandan yon moman, se yon lòt atak teworis. Responsab sekirite yo nan Washington di Lidle--yon apranti pilòt ki pran lisans li apre fen sezon bezbol ane pase a--te abò ti ayewonèf yon sèl motè a lè li antre ant 30 e 31nyèm etaj gratsyèl la nan rejyon Upper East Side, yon katye vil Manhattan, nan Nouyòk.

Majistra kominal la, Michael Bloomberg, di tou 2 moun ki te nan avyon an pèdi lavi yo. Yon otorite federal ki te sou plas e ki mande pou yo pa idantifye li di yo jwenn paspò Lidle nan lari toupre sit aksidan an. Jiska mèkredi swa, responsab yo pat ka di ak sètitid kilès ki te sou levye pilotaj la ni non plis tou ki lòt moun ki te nan aparèy la avek Lidle.

Dapre dosye Administrasyon Aviasyon Federal an, avyon an te anrejistre sou non Lidle ki, sa pa gen lontan, te di jounalis yo ke l' santi li an sekirite abò avyon an...e ke ekip New York Yankees pa ta bezwen gen kè sote pou li. Ekip la te devaste apre yon jwè li, Thurman Munson, te peri an 1979 nan aksidan yon avyon li tap pilote. Pwopriyetè Nouyòk Yankee a, George Steinbrenner, di nouvèl lanmò Lidle la se yon terib trajedi ki devaste tout òganizasyon Nouyok Yankee a. Li voye kondoleyans li bay madanm Lidle, Mélanie, ansanm ak pitit gason yo a, ki genyen 6 zan. Cory Lidle te gen 34 tran. Malgre laperèz ki te fè kwè nan yon premye tan se petèt yon nouvo zak teworis, tou le 3 ayewopò nan rejyon Nouyòk la te kontinye fonksyonen nòmalman, dapre sa Jim Peters, pòtpawòl Administrasyon Federal Aviasyon, deklare. Mezon Blanch la di ni prezidan George W. Bush ni vis-prezidan Dick Cheney pou t'al refuj "en lieu sûr", tankou sa te fèt apre atak teworis 11 septanm 2001 yo.

Fè klik sou ralonj anlè atik sa a pou w koute korespondan nou nan New York Zaquary Nazaire nan mikwo Chérubin Dorcil.

XS
SM
MD
LG