Accessibility links

Breaking News

Lemond Kondane Tès Nikleyè Kore di Nò a


Kore di Nò anonse li fè yon tès nikleyè e nouvèl sa a pwovoke anpil reyaksyon negatif atravè lemond.

Peyi Japon kreye yon komite spesyal pou fè fas ak sa l’rele yon menas pou stabilite rejyon Azi a. Premye-Minis Shinzo Abe ap analize dosye a nan Seoul ak Prezidan sid-koreyen an, Roh Moo-Hyun. Isit Ozetazini, pòt-pawòl Mezonblanch la, Tony Snow, di li atann ni aske Konsèy Sekirite L’ONU an pran yon mezi san pèdi tan pou reponn sa li kalifye kòm yon zak Kore di Nò poze san pèsonn pat pwovoke li. Vrèman vre, nan mitan jounen lendi a, Konsèy la te eksprime kondanasyon n pou tès zam nikleyè Pyongyang fè a.

Pou Premye-Minis britanik-la, Tony Blair, ajisman rejim kominis koreyen an konplètman iresponsab. Dapre ajans nouvèl nan Larusi, Prezidan Vladimir Putin kondane tès la e l fè konnen sa pral koze gwo dega nan efò pou bloke pwopagasyon zam ki ka detwi moun an mas yo. Lafrans, Lalmay, Inyon Ewòp la, Pakistan, Endonezi, Ostrali, leve lavwa kont tès nikleyè Kore di Nò a. Sepandan, reyaksyon anpil moun sanble tap tann nan se reyaksyon gouvènman chinwa a paske Lachin se pi pwòch alye Kore di Nò.

Fè klik sou ralonj ki anlè foto a pou w ka koute tout dosye a.

XS
SM
MD
LG