Accessibility links

Breaking News

Kèk Palmantè Gen Dout Sou Eleksyon Desanm yo


Nan Palman ayisyen an, gen moun ki pa fin kwè eleksyon 3 desanm 2006 yo ap reyisi. Omwen yon palmantè di laprès nan Pòtoprens, daprèzavwa responsab elektoral yo pat re-evalye sitiyasyon an, anviwon yon lane apre yo fin fè enskripsyon pou elektè ak kandida, kapab gen anpil pwoblèm nan vòt pou gouvènman lokal yo ak rès manm Asanble Nasyonal la. Renan Toussaint gen detay nouvèl sa a.

Pandansetan, gen sektè k'ap reklame lajan ak sekirite pou yo ka mennen kanpay atravè peyi a. KEP a fè konnen kanpay pou eleksyon 3 desanm 2006 yo ta dwe derape 30 oktòb. Nou gen yon repòtaj Jn-Christophe Collègue.

Fè klik sou ralonj anlè foto a pou w koute korespondans sa yo ak lòt enfòmasyon.

XS
SM
MD
LG