Accessibility links

Breaking News

Montenegro Gen Statu Pwovizwa nan UEFA, Gilbraltar ap Tann


Football

Unyon Football Eropeyen an aksepte Montenegro kòm manb pwovizwa òganizasyon football kontinan an pandan yo retade desizyon pou konnen si wi ou non yap aksepte Gibraltar kòm manb enstitusyon an. Rankont jodi a te dewoule nan Ljubljana an Sloveni. Kongrè a,kap reyuni an Janvye 2007 nan Dusseldorg an Almay, gen pou l aprouve Montenegro kòm manb pèmanan sa kap pèmèt li patisipe nan koup Deròp dè Nasyon an 2012. Unyon Football Eropeyen an di rezon ki fè li ranvwaye desizyon pou l asepte ou non Gilbraltar se pou pèmèt li revize dokuman Espay renmèt sou entalasyon football peyi a. Espay te fè UEFA chanje règleman yo an 1999 pou te limite manb yo ak sèlman peyi Nasyonzuni rekonèt. Gilbraltar te fè demand la avan statu yo te chanje. Gibralta pran nan yon eto ant la Grand Bretay ki di se teritwa l genyen a letranje aloske Espay di se teritwa a rele chè mèt chè mètrès.

Nouvèl ki soti nan vil Frankfurt an Almay fè konnen 8 bra nèg pran nan moulen nan skandal football an Almay ak an Otrich. Endividu sa yo sanble ta fè pati yon rezo parye sou match football. Dapre otorite yo gen yon Azyatik, yon libanè, yon ansyen jwè Sèb ak yon antrenè, 2 jwè afriken, yon pòtugèn ak yon alman site kòm moun ki mele nan magouy la pandan sezon 2005 la.

Iran tronse Irak 2 a 0 nan kad yon tounwa football kap dewoule nan Jordani. Match la antre nan kad selebrasyon 10 zièm anivèsè tounwa anuèl amikal kap dewoule nan Mwayen Oryan an ak Afrik depi 1997. Demen Vandredi a Jordani ap rankontre Iran nan tounwa a ki rele tounwa La Pè.

Antrenè seleksyon Franse a, Raymond Domenech, konvoke Nicolas Anelka pou vinn pote kole nan match kalifikatif koup dEròp dè Nasyon la Frans pral jwe kont Lekòs Samdi epi Il Feroe yo Mèkredi.

Antrenè FC Barselòn nan Frank Rijkaard pran defans Brezilyen Ronaldhinho kap penyen lage nan ekip la depui debu sezon an.

An Afrik Jay Jay Okocha, ki te soti nan retrèt li pou l te vinn ede Nijèrya nan eliminatwa koup dAfrik dè Nasyon an mande pou retire nonn nan lis seleksyon an ki pral rankontre ak Lesotho Dimanch.

Mwens yon mwa avan chanpyona NBA a demare le 31 Oktòb-4 seleksyon NBA kòmanse kan dantrenman yo an Eròp-pwobableman pou kapab fè plis publisite pou chanpyona a. San Antonio Spurs, Phoenix Suns, Philadelphia 76ers ak Los Anjeles Clippers ap fè preparasyon nan vil Lyon ak Pari, Wòm ak Treviso an Itali, Barselòn an Espay, Kolòy an Almay. Fòmasyon yo ap pwofite pou jwe kèk match chofe jarèt ak yon seri de klub Eropeyen ak yon total 11 rankont.

Tennis

Sèb Novak Djokovic kalifye pour kar de final tounwa tenis Open Moselle kap dewoule nan vil Metz an Frans. Djokovic pase Italyen Danielle Braciali 2 kout rakèt 6-0, 6-3 pou l al rankontre ak alman Tobias Clemens ki te fè anpil efò avan li kale franse Cyril Saulnier. Ameriken Mardy Fish kalifye tou. Rus Marat Safin te bezwen mwens ke 60 minit pou elimine konpatriòt li Mikhail Youzhny 6-1, 6-4 nan premye tounwa.

Swis Roger Federer kale Wesley Moodie 6-2, 6-1 pou l kalifye pou kar de final tounwa tenis Open Japon an kap dewoule nan vil Tokyo. Federer pral rankontre ak Japonè Takao Suzuki ki monte yon maswife avan li kale Alman Alexander Waske 6-7, 7-6, 6-1.

Bò kote meda m yo Japonèz Ai Sugiyama woule ameriken Vania King ak kout rakèt 6-4, 5-7, 7-5. Franse Youlia Fedossova elimine Japonèz Akiko Morigami 4-6, 7-5, 6-3. La pli kap tonbe ranvwaye 12 lòt rankont pou demen Vandredi a.

Numewo 1 tenis mondyal feminen an franse Amelie Mauresmo abandone tounwa tenis Porsche Grand Prix a kap dewoule nan vil Stuttgart an Almay akoz yon blesu nan zèpòl. Mauresmo tap pare pou l rankontre ak Olandè Michaella Krajicek nan 2 zièm tou. Nouvèl yo pa di si Mauresmo ap rate tounwa tenis Kremlin an semen pwochè n nan nan vil Moskou. Ameriken Lisa Raymond ap ranplase Mauresmo e li pral rankontre Krajicek. Rus Svetlana Kuznetsova ak Elena Dementieva ak Slovak Daniela Hantuchova kaliye pou kar de final tounwa a.

Diskusyon ki te genyen ant fabrikan vètman ak ekipman spòtif, Nike, Adidas ak Puma, pou logo jwè tenis pwofesyonèl yo dwe genyen rezoud. Federasyon Tenis Pwofesyonèl la dakò ak pati konsène pou logo yo gen menm dimansyon e plase nan menm pozisyon nan vètman jwè tenis yo ap pote pandan dewoulman tounwa Tenis Open Ostrali a, Roland Garos, US Open ak Wimbledon nan lòt tounwa Asosyasyon an patwone. Nouvo règleman yo antre an aplikasyon imedyatman.

XS
SM
MD
LG