Konsèy Elektoral Pwovizwa Ayiti a fè konnen l'ap debouye l' kou Mèt Jan-Jak pou respekte dat 3 desanm nan pou eleksyon lokal ak rès eleksyon palmantè yo. Pauris Jean-Baptiste, ki se yon manm KEP a, di bilten yo prèske fin rive nèt ann Ayiti, yo deja pare, e kanpay kandida yo ap tanmen nan finisman mwa oktòb la.
Sou kesyon sekirite a, li mande pou Lapolis ak MINUSTAH pran responsablite yo pandan KEP a ap òganize bon jan eleksyon atravè peyi a.
Renan Toussaint gen detay nouvèl sa a ak lòt ankò. Fè klik sou ralonj anlè foto a.