Football
Ayiti ak Jamayik pral chache yon 2 zièm viktwa jodi a lè yap rankontre ak Sent Lusi ak Sen Vensan en Grenadine nan kad eliminatwa koup Digicel la nan group D-a. Match ant Ayiti ak Sent Lusi pap fasil pou ayisyen yo akoz Sent Lusyen yo ap chache ranfòse defans la pou limite dega atakan ayisyen kapab koze. Kanta pou Jamayik publik la pat kontan akoz yo te penyen lage nan 2 zièm mitan an. Antrenè a Carl Brown di lap satisfè si seleksyon an make maksimòm gòl posib pandan premye mitan an epi defann tèt li pandan 2 ziè mitan an.
Isit Ozetazuni , Chanpyona premyè divizyon-an ap kontinue demen Samdi a ak yon seri de rankont enpòtan pou yon seri de ekip kap chache kalifye pou faz final la. Par egzamp , D.C United ki ranpòte konferans de Lès la pral lakay Houston Dinamo ki an 3 zièm pozisyon nan konferans de Lwès la. Chikago Fire ki deja kalifye pral lakay New York Redbulls. New England Revolution ap akeyi Kolorado Rapids.
Footbalè Kamerounè Samuel Eto’o, ki subi yon operasyon yè Jedi a nan pye, ap absan pou 5 mwa dapre deklarasyon responsab medikal ekip FC Barselòn yo fè.
FIFA nonmen jodi a Alman Horst Schmidt kòm konseye koup du mond FIFA 2010 la kap dewoule an Afrik du Sud. Schmidt, sekretè jeneral federasyon Football Alman an, te kontribue nan suksè koup du mond FIFA ki sot dewoule an Almay.
Gen yon tòchon kap boule ant Marco Van Basten kap antre selyon foutbòl La Oland-la ak Van Nistelroy ki pa wè non-l nan lis 22 jwè ke antrenè-a rele poiu match eleimnatwa Eyro 2008-la kont Bulgari. Vasn Nstelroy di Van Basten pa baze-l sèlman sou kritè foutbòl pou-l chwazi jwè. E Van Basten reponn pou di li se yon moun entègre e li panse pawòl Van Nistelroy desevwa-l e li kwè mesye te ka reaji yon lòt jan.
Boxe
Mike Tyson ki chaje ak dèt plizyè milyon dola ap pare pou l patisipe nan yon seri de konba 4 round. Tyson ap monte sou ring nan 20 Oktòb nan Youngstown Ohio kont Corey Sanders.
Tenis
Tenis nan Bankòk : Rus Marat Safin elimine fransè Julien Beneto an 3 sèt : 7-6, 6-3, 6-2. Lèot kalifye : koat Ivan Lubicich ; taylandè Paradorm Srichapan ; James Blake, Tim Henmann.