Accessibility links

Breaking News

Koup Digicel la ap Demare Jodi a nan Jamayik


Football

Koup Dijisèl nan Jamayik . Se jodia kou danvwa eliminatwa Gwoup D-a ki rele group lanmò . Ayiti ap rankontre ak Sen Vensan e Grenadin epi Jamayik pral amuze l ak Sent Lusi. Antrenè seleksyon Ayiti a Carlo Marcelin pa mete objektif-li twò wo : li vle sèlman kalifye pou 2 zièm tou konpetisyon an. Ayiti klase 118 tièm mondyal pandan ke Sen Vensan-e-Grenadin klase 129 vièm mondyal dapre dènye klasman FIFA a.

2e jounen premye faz Lig Chanpyon-an ap kontinue la-a yon ti moman ak kèk match far . Nan gwoup A-a , chanpyon antit-la , Barselòn ap jwe kont Verder de Brem; Levski Sofia kont Tchelsi ; Inter de Milan ki te fè yon fo pa nan premye jounen ap pral eseye leve tèt-li devan Bayern de Munik nan gwoup B-a Liverpool kont Galatasaray epi Bordo kont PSV Eindhoven nan group C a. Lyon poko jwenn bouchon-l ni nan chanpyona ni nan Lig Chanpyon: Jodi-a, nan Gwoup E-a : li van-nen Steau Bukarès 3 a 0 pou-l pran tèt gwoup E-a devan Real Madrid ki fè yon karton 5-1 sou Dinamo de Kyèv( 2 but de Van Nistelroy, 2 bu de Raoul) ; Nan Gwoup F-la : Viktwa 1 a 0 Manchester United sou Benfica ; Celtic kale Copenhag 1 a 0 . Gwoup G : CSKA Moskou kale Hambourg 1 a 0; Bèl opearsyon Arsenal ki kale Porto 2 a 0 . 2 match nul nan Gwoup H-la : 0-0 ant Lille et Milan Ac ; match nul tou 1-1 ant AEK Datèn kont Anderlect.

Prezidan FIFA-a Sepp Blatter pa vle pou yon peyi ranpòte yon mondyal tankou nan bòlèt. Prezidan FIFA-a pwopoze jodi mèkredi-a pou suprime chout penalite nan final Koup Du mond. Prezidan-an fè deklarasyon sa-yo devan Chanm Komès Zurik-la nan peyi La suis . Li ajoute : “ Final Koup du mond se yon pasyon, pwolongasyon-yo se yon dram, penalite-yo se yon trajedi. E mesye Blatter fini pa di : Foutbòl se yon spò dekip, yon jwèt kolektif, men penalite-yo se yon lòt bagay. 2 nan 4 dènye final mondyal-yo te ale nan penalite : Brezil-Itali an 94...viktwa pou Brezil ; Itali-Frans 2006---viktwa italyèn.

Basketball

Dallas Mavericks pwolonje kontra basketè alman Dirk Nowitzki pou 3 zan pou pipiti. Nouvèl-yo pa bay detay ak kondisyon kontra, men sanble Nowitzki kapab touche 60 milyon dola. Prezans Nowitzki te pèmèt Dallas rive nan final pou la premyè fwa sezon pase a.

Tennis

Tenis maskulen : yè nan Palerme la pli te gate plizyè match --tankou rankont ant arjanten Mariano Zabaleta elimine fransè Olivier Patience an ...yo yon sèt patou e yo te nan 3e lè la pli gate sa. Lòt match ki gate anko`se match ant fransè Paul Henri Matthieu ak ekwatoryen Nicolas Lapentti. Match sa-yo ap reprann demen mèkredi-a.

Swis Martina Hengis (1) kale danwaz Caroline Wozniacki nan premye tou yon tounwa kap dewoule nan Seoul. Viktwa Sania Mirza (End) an 3 sèt : 3-6, 6-0, 6-0 sou sud koreyèn Lee Ye-ra. Vera Zvonareva (5), Russie, bat Emma Laine, Finlande, 6-4, 6-0.

XS
SM
MD
LG