Accessibility links

Breaking News

DC United Ranpòte Tit Divizyon Es la


Football

DC United ranpòte tit divizyon Es la apre swif 4 a 3 yo pase New York Redbulls Samdi isit Washington. Sa vle di D-C United gen avantaj pou l jwe premye rankont yo a domisil pandan faz final la. Nan lòt rankont Chikago Fire kalifye pou faz final la apre viktwa 2 a 1 yo ranpòte devan Los Anjeles Galaksi. FC Dallas kalifye nan konferans de Lwès apre viktwa 2 a 1 yo ranpòte devan Real Salt Lake.

Barbad kalifye pou pwochen tou Koup Karayib Digicel la apre yo pilon-nen Anguilla 7 a 1 nan dènye rankont group B a. Barbuda ranpòte yon viktwa tou mens 1 a 0 devan Sen Kitts and Navis pou l kalifye pou 2 zièm plas la. Bò kote pa l Jamayik pral chache wè si l ta ranpòte tit koup Digicel la pou yon 5 kièm fwa nan moman yap pare pou akeyi konpetisyon an ak patisipasyon Ayiti, Sen Vensant ak Grenadin. Antrenè Jamayik la Carl Brown espere mete sou pye yon bon seleksyon malgre absans Jamayiken kap evolye a letranje yo.

An Frans FC Nantes ranpòte yon viktwa 2 a 1 devan Marseille. An Almay Bayern de Munich pran tèt klasman jeneral la ak 10 pwen apre viktwa 2 a 1 yo ranpòte devan Aix-la-Chapelle ki monte nan premyè divizyon ane sa a. Shalke 04 gen 10 pwen tou men yo gòl diferans mete an 2 zièm pozisyon. An Itali Inter de Milan nan tèt chanpyona a apre viktwa 4 a 3 yo ranpòte devan Veròn. An Espay Real Madrid ranpòte yon viktwa tou mens devan Real Betis 1 a 0. Viktwa ki pèmèt Real Madrid rejwen FC Barselòn ak Valans ki fè match nul 1 a 1 antre yo.

3 ekip yo gen 10 pwen yo chak men separe ak gòl diferans. Osasuna pilon-nen Celta Vigo ak yon viktwa 2 a 0. 3 seleksyon football zèpòl kare, pami yo Washington Redskins, ranpòte la viktwa nan okazyon 3 zièm semen chanpyona a. Redskins pat rankontre oken difikilte pou l ranpöte la viktwa devan Houston Texan31 a 15. Pakers woule Detroit Lioons 31 a 24 pandan ke Miami ranpòte yon viktwa tou mens devan Tennessee Titans 13 a 10. Indianapolis Colt kontinye ap byen men-nen ansanm ak Chikago Bears, Cincinnati Bengals, Baltimore Ravens and Seattle Seahawks akoz yo tout ranpòte 3 zièm viktwa yo. New Orleans Saints ap akeyi Atlanta Falcons aswè a-premye rankont kap jwe nan stad Nouvel Orleans an ki te andomaje pandan ouragan Katrina a.

Responsab football zèpòl kare ameriken an anonse yap jwe yon match amikal pou la premyè fwa an Chin. New England Patriots ak Seattle Seahawks pral tope kòn yo nan vil Peken nan yon rankont chofe jarèt avan debu sezon 2007 la.

Atakan seleksyon Urugwe Dario Silva entène nan yon lopital nan Montevideo apre yon aksidan. Gen posibilite pou Silva pèdu pye dwat li apre li te sot tonbe an deyò machin nan. Silva ki make 15 gòl pou seleksyon nasyonal la pandan 49 rankont, te nan Montevideo kote li tap nouvèl sou transfè l nan yon lòt klub Eropeyen kote li deja jwe pou Cagliari, Espanyol, Malaga ak Seville pandan 10 zan li pase sou kontinan Eropeyen an.

Tennis

La Rusi ap rankontre ak Arjantin nan final koup Davis la. Rus yo elimine Etazuni 3 a 1. Pandan ke Arjantin elimine Ostrali 3 a 0. Final la ap dewoule nan vil Moskou soti premye pou rive 3 Desanm. Almay ranpòte la viktwa pou diskute nan group Mondyal la an 2007. La Swis, Beljik, Otrich, Republik Tchèk, Espay figure pami lòt seleksyon ki kalifye pou group mondyal la.

Jwè tenis Espayòl Alex Correstja anonse retrèt li pandan match de baraj koup Davis Espay jwe kont Itali. Corretja ranpòte 17 tit Asosyasyon Tenis Pwofesyonèl la pandan 16 zan karyè e li te menm klase numewo 2 mondyal

Adolesan Otrichyen Tamira Paszek ranpòte premye tounwa tenis pwofesyonèl feminen nan karyèl l apre yo kale Italyen Maria Elena Camerin 7-5, 6-1 pou l ranpòte tounwa tenis Open Sloveni a.

Rus Svetlana Kuznetsova suprann numero 1 tenis mondyal feminen an Amelie Mauresmo 6-4, 6-0 pou l ranpòte tounwa tenis Open Chinwa a ke la pli te ranvwaye.

Swis Martina Hingis kale Rus Olga Poutchkova 6-0, 6-4 pou l ranpòte tounwa tenis Open Sunfeast la ki tap dewoule nan Calcuta, Endia.

Basketball

Ostrali suprann la Rusi ak yon viktwa 91 a 74 pou l ranpòte meday dò nan chanpyona du mond basketball feminen ki tap dewoule nan Sao Paolo O Brezil. Etazuni woule Brezil 99 a 59 pou l konsole l ak 3 zièm plas la. Etazuni, ki te ranpòte konpetisyon an 2 afile, te tonbe devan la Rusi Jedi nan semi final la.

Atletisme

Etyopyen Haile Gebreselassie ranpòte maraton Berlen an san li pa rive bat rekò du mond la sou menm pis kote 5 rekò du mond te bat pandan 9 van. Etyopyen Gete Wami ranpòte kategori feminen an devan Kenyan Salina Kosgei ak Polonèz Monica Drybulski.

Atlèt Jamayiken Asafa Powell diskalifye nan kous 100 mèt konpetisyon Super Track and Field ki tap dewoule nan Yokohama Japon. Powell, ki ranpòte 23 viktwa nan disiplin nan, diskalifye apre yon 2 zièm fo demaraj. Japonè Shingo Suetsugu ranpòte konpetisyon an devan konpatriòt li Naoki Tsukahara ak Ostralyen Patrick Johnson. Atlèt Jamayiken Novlene Williams amelyore pèfòmans li apre li ranpòte kous 400 mèt feminen konpetisyon anuèl Golden Grand Prix Shangai la Samdi swa.

Siklisme

Siklis Italyen Paolo Bettini, te pedale plis pase alman Erik Zabel pou l ranpòte meday dò nan chanpyona du mond siklis ki tap dewoule nan Salzburg an Otrich.

XS
SM
MD
LG