Prezidan George Bush pran lapawòl devan Asanble Jeneral l’ONU an ki inogure 61èm. sesyon anyèl li madi a.
Nan mesaj lidè ameriken an, La Mezon Blanch fè konnen l ap chache apui komunote entènasyonal la pou politik li vizavi Mwayen Oryan an e pou lit anti teworis la.
Prezidan Bush “defann dwa kominote entènasyonal la pou l viv nan yon mond san teworism e kote majorite pasifik la mete teworis yo nan rete lwen, pa pwoche.”
An plis prezidan Bush, lidè iranyen an, Mahmoud Amadinejad pran lapawòl tou jodiya devan ansable l’ONU an; sa atire atansyon sou konfwontasyon ki egziste depi kèk tan deja ant Lèzetazuni ak Iran akoz pwogram nukleyè peyi sa-a.
Prezidan Bush lanse apèl bay peyi yo a travè Lemond pou yo “leve kanpe pou koz lapè a”; e pou yo fè sa, daprè lidè ameriken an, yo dwe apiye lidè modere yo nan Mawyen Oryan, e leve kanpe kont ekstremis yo.
Prezidan Bush “prevwa yon jou kote yon avni resplandisan pral pran nesans nan Mwayen Oryan an.”
Nan mesaj Misye Bush la, li defann yon apèl li lanse pou l mande sanksyon kont Iran, poutèt Teheran derefize sispann aktivite kote lap anriche uranyòm -- ki se pwodui ki antre nan fabrikasyon zam nikleyè.
Lèzetazini ak anpil nan alye ewopeyen l n l yo kwè ke peyi Iran ap chache devlope yon pwogram zam nikleyè. Iran pale pou l di sèl objektif pwogram nukleyè l la genyen se objektif pasifik.
Apa misye George Bush, prezidan fransè a, Jacques Chirac se sèl lòt lidè peyi manm pèmanan Konsèy Sekirite a kap asiste sesyon asanble jeneral l’ONU an ane sa a.
Klike sou lyen anlè a pou w koute repòtaj nou diskou prezidan Bush la nan kad asanble jeneral LONU an.