Accessibility links

Breaking News

FIBA Anonse li Kapab Oganize Konpetisyon Chak 2 zan


Federasyon basketball Internasyonal la di yap etudye posibilite pou òganize yon chanpyona du mond basketball feminen chak 2 zan--yon fason pou l kapab ankouraje devlopman basketbal feminen an. Prezidan FIBA a Ostralyen Bob Elphinston yo pap ankouraje pou ta gen 24 peyi ta panan konpetisyon an kontrèman sugejsyon yon seri de peyi. Kantite aktuèl ap toujou rete a 16 peyi.

Chanpyon an tit basketball feminen an Etazuni tronse Republik Tchèk 63 a 50 pou l rete envenku nan chanpyona du mond basketball kap dewoule nan Sao Paolo o Brezil. Republik Tchèk, la Rusi ak la Frans kalifye pou kar de final la. La Rusi kale Kuba 96 a 81 pandan ke la Frans kalifye menm apre yo tonbe devan la Chin 66 a 64. Ostrali danse sou Arjantin 83 a 49 pou l rete envenku nan chanpyona a. Brezil pilon-nen Kanada 82 a 41 pou l kalifye nan kar de final la menm jan ak Espay jwen tikè l apre li wouze sou Lituani 75 a 55. Nan kar de final la la Frans ap rankontre ak Ostrali.

Football

Jasksonvil Jaguar tronpe vijilans chanpyon an tit football zèpòl kare a gras ak yon swif 9 a 0 yo pase Pittsburgh Steelers nan kad match ki jwe chak Lendi swa.

Nan football balonwon Espay ap rankontre ak Arjantin 11 Oktòb kap vini la a nan kad yon match amikal entènasyonal-4 jou apre espayòl yo finn rankontre ak la Grès nan eliminatwa koup dEròp dè Nasyon an. Arjantin ranpòte 5 sou 10 rankont ki jwe ant 2 seleksyon yo.

Yon lòt kote footbalè Italyen Francesco Totti refuze retounen nan seleksyon Italyen an pazanvan ane pwochèn malgre antrenè Roberto Donadoni te rankontre l pèsonèlman pou konvenk li retounen nan seleksyon an kap diskute eliminatwa koup dEròp dè Nasyon an.

Toujou an Itali Senatè Italyen Guido Rossi ki te nom-nen kòm komisè ekstraòdinè federasyon an pandan eskandal ki sot sakaje football la, demisyone nan djòb la. Federasyon an poko non-men yon ranplasan.

Yon epe dAmoklès ap pandye sou football Angletè a apre nouvèl yo ta fè konnen responsab football ta resevwa lajan anba tab pou fè magouy nan chanpyona football Angle a. Antrenè klub Bolton anonse li te refuze resevwa lajan anba tab. Sa fè 2 zièm antrenè ki eksprime enkyetud li fas ak korupsyon ki genyen nan football Angle a-

Yon eskandal ki te eklate nan football Italyen te koute Juventus de Turen 2 dènye tit li te ranpòte nan chanpyona premyè divizyon Italyen epi desann nan 2 zièm divizyon. Milan A-C ak 2 lòt klub te tonbe anba sanksyon pou patisipasyon yo nan eskandal la.

Milyadè ameriken Randolph Lener, se nouvo prezidan klub Football angle Aston Villa. Lerner, ki se pwopriyetè klub football zèpòl kare ameriken Cleveland Brown, posede 90 pou 100 nan aksyon yo.

Nouvo antrenè seleksyon Kot Divwar la Alman Ulrich Stielike eksprime konfyans nan avni elefan Ivwaryen yo pandan li di pral fè bagay yo mache pi vit. Stielike, ki siyen yon kontra 2 zan ak federasyon an, kwè Ivwaryen yo te youn pami pi bon seleksyon ki te elimine nan koup du mond FIFA ki sot dewoule an Almay. Stielike te konn jwe nan klub Alman Monchengladbach ak klub espayòl Real Madrid. Sielike, ki di li rejte yon òf pou l te antrene seleksyon Kolonbi a, ap fè premye tès li ak seleksyon an le 8 Oktòb nan okazyon rankont kalifikatif koup DAfrik dè Nasyon an fas a Gabon nan kapital la Abidjan. Si msye ede Ivwaryen yo kalifye pou faz final koup dAfrik dè Nasyon an, li kapab kontinye antrene seleksyon an nan eliminatwa koup du mond FIFA a ki gen pou dewoule an Afrik du Sud an lan 2010.

Tennis

Chinwa Li Na ak Rus Maria Kirilenko kalifye pou 2 zièm tou tounwa tenis Open Chinwa a kap dewoule nan vil Peken. Li tronse Rus Vera Dushevina 6-3, 6-4 pandank e Kirilinenko woule ak kout rakèt Arjantin Gisela Dulko 7-6, 6-3. Lot kalifye se Japonè Ai Sugiyama kalifye apre li kale Ostralyen Alicia Molik 6-2, 7-6. Grèk Eleni Daniilidou elimine Swedwa Sofia Arvidsson 6-4, 6-1. Jwè tenis Bèlj Justine Henin-Hardenne pran yon kanpe lwen sou teren tenis la apre li pran zobòy nan pye nan okazyon Koup Federasyon an fas Itali.

XS
SM
MD
LG