Accessibility links

Breaking News

Peyi Atravè Le Monde Make Avèk Etazuni Anivèsè Atak Teworis 11 Septanm 2001 yo


Delege nan Nasyonzini yo obsève yon minut silans nan memwa viktim atak teroris 11 septanm 2001 yo Ozetazini. Sekretè jeneral L'ONU an, Kofi Annan, di Konsèy Sekirite-a atak sa yo se te “yon atak kont lumanite.” Nan Fenland, otorite kap patisipe nan yon rankont o somè 38 nasyon azyatik e ewopeyen, sonje viktim yo e yo pran angajman pou yo kontinye lute kont group teroris yo a travè le mond. Ann' Almay, Pap Benoît-16 selebre yon mès kote l' lapriyè pou lapè nan le mond, 5 kan aprè atak teroris yo. Prezidan afghan an, Hamid Karzai, voye yon mesaj pou l' eksprime solidarite l' avèk pèp ameriken an. Nan vil Londres, Britanik ki te gen fanmi yo mouri nan atak teroris yo al depoze yon jèb flè nan yon seremoniki tap dewoule nan lokal anbasad amerikèn. 67 britanik te pèdi lavi yo nan atak 11 septanm yo. Seremoni nan memwa viktim yo dewoule tou nan anbasad amerikèn nan plizyè peyi, tankou Albani, la Risi ak Ukrèn. Pami lòt peyi kote yo onore memwa viktim atak 11 septanm 2001 yo, genyen Kenya. Anbasadè Etazuni nan Kenya a, Michael Ranneberger, asiste yon seremoni komemorasyon avèk kèk “griyo” Massai ( non yon tribu kenyan) ki ofri fanmi viktim atak yo byen pi chè yo posede-a:14 tèt betay.
XS
SM
MD
LG