Accessibility links

Breaking News

Ayisyen nan New York ap Reflechi Sou 11 Septanm nan


Komemorasyon senkyèm anivèsè pi gwo atanta teroris ki janm frape nasyon amerikèn nan se yon okazyon pou moun reflechi e bay opinyon yo sou sitiyasyon sekirite a nan peyi meriken. Nan New York, ki te sibi atanta pi grav la [World Trade Center] gen plizyè santèn milye ayisyen. Korespondan nou Zaquary Nazaire di nou anpil nan yo fè tande vwa yo nan près kominote a. Yon tèm santral nan tout entèvansyon sa yo: nesesite pou tout moun rete veyatif e ede responsab yo evite yon zak tankou atanta 11 septanm 2001 an.

Koute Zaquary Nazaire ak yon analiz Chérubin Dorcil. Fè klik sou ralonj anlè foto a.

XS
SM
MD
LG