Accessibility links

Breaking News

2 Kore yo Kapab Mache Ansanm nan Je Zolenpik Peken 2008 yo


Olenpik

Responsab Olenpik 2 Kore yo anonse pwogrè yo fè nan mete sou pye yon ekip unifye nan pwochen je zolenpik Peken 2008 yo. Kesyon ki rete pou rezoud sou fason pou seleksyone ekip yo. Kore du Sud vle pou ekip seleksyone an fonksyon de merit pandan ke Kore du Nò vle pou chak ekip gen menm kantite atlèt ki soti nan 2 peyi yo.

Football

Pwen kap domine aktualite-a se match ant Frans Itali-a kap gen pou dewoule an Frans jodi a nan kad eliminatwa Koup Dewòp des nasyon-an. Match sa-a kreye yon pakèt sansasyon akoz dènye final koup mond-la kote Itali te bat Lafrans an final. Ki donk gen yon ti revanch nan lè-a.

3 jwè ki gen non-yo plis site pandan final sa-a pap sou teren an jodi a : Se Zidane ki te bay Materatzi kout tèt-la pran retrèt-li ; et Materatzi ap purje pèn suspanasyon-l-lan ; E Texeguet ki te rate penalite-l pap prezan akoz blesu. Selon sa ki dit nan la près italyèn, Materatzi ap tann toujou ekskuz nan men Zidane. Raymond Domeneck , antrenè fransè-a anonse Claude Makelele ap kòmanse match jodi a.

Yon total 42 seleksyon ap sou teren an jodi a tankou Angletè kap rankonre ak Masedwa n. Espay pral mate balon fas a Irland du Nò. Angletè ap vinn jwe rankont la apre swif li te pase Ador 5 a 0 Samdi pandan ke Espay te danse sou Liechtenstein 4 a 0 nan menm jounen an. 9 lòt peyi ap kòmanse kanpay kalifikasyon an jodi a-pami yo Pòtugal, ki te òganize edisyon 2004 la, ap vizite Findland pandan ke Turki ap akeyi Malt. La Rusi kont Kwasi nan Moskou. San Marino kont Almay. Danmak ap vizite Island pandan ke Sloveni kont Bulgari.

Klub espayòl FC Barselòn ap pote sig UNICEF sou mayo yo Madi pwochen nan okazyon rankont Levski Sofi Lig dè chanpyon Eropeyen an nan kad yon patenerya ant pati konsène yo.

Unyon Football Eropeyen an relanse pwogram anti dopaj nan tout match lig chanpyon Eropeyen yo. Klub yo dwe bay otorite tout enfòmasyon sou adrès kote yo kapab jwen tout footbalè lajounen tankou nan nwit. Sezon pase a sou 400 tès supriz responsab yo te fè oken pami jwè yo te teste pozitif.

Nan match amikal entènasyonal Brezil bat peyi dè Gal 2 a 0.

Isit Ozetazuni D.C. United pral lakay Chikago nan kad semi final koup US Open nan. Los Anjeles Galaksi ap rankontre ak Houston Dynamo nan lòt semi final la.

Tennis

Da m la pli ranvwaye plizyè rankont tounwa tenis US Open nan nan New York. Jodi a jwè yo ap retounen sou teren an pou konplete rankont yo. Avan sa Sèb Jelena Jankovic kalifye pou semi final la apre li suprann Rus Elena Dementieva 6-2, 6-1. Jankovic pral rankontre nan semi final la ak venkè rankèt ant bèlj Justine Henin Hardenne ak ameriken Lindsay Davernport La pli ranvwaye rankont ki tap jwe ant Rus Nikolay Davydenko ak britanik Andy Murray pi rankont ant alman Tommy Haas ak Rus Marat Safin.

Kapitèn ekip koup Davis Ameriken an Patrick McEnro non-men Andy Roddick, James Blake, ak frè Bryan yo nan seleksyon ki pral rankontre ak la Rusi nan semi final koup Davis la soti 22 pou rive 24 Septanb. Rus yo poko publiye lis jwè ki pral reprezante peyi a.

XS
SM
MD
LG