Prezidan George W. Bush deklare rezo teroris al-Qayida a febli, men li toujou detèmine pou l’atake e mouvman an vin gen divès ti gwoup kap konplote pou komèt zak vyolans.
Msye Bush di kèk nan gwoup sa yo se teroris ki ne e ki al' lekòl nan nasyon oksidantal, ki kite islamis radikal andoktrine-yo, oubyen ki kite ideyoloji vyolans la atire yo. Sepandan Prezidan Bush di kèlkeswa nati gwoup teroris yo, pa ka gen konpwomi ak yo. Li di "eleman radikal sa yo deklare ostilite yo vizavi libète, san konpwomi. Se yon foli pou w ta panse ou ka negosye avè yo."
Msye Bush sèvi ak pwòp pawòl Osama bin Laden pou li raple piblik la ke li dwe rete vijilan. Li di bin Laden deklare lemond antye ap suiv lagè Irak la e se yon gè kap fini nan viktwa ak lagwa, oubyen misè ak imilyasyon. Pou al-Qayida, Irak se pa yon distraksyon nan gè l]ap mennen kont Etazini an. Se yon pwent li voye pou kritik ki fè konnen lagè Irak la distrè Ameriken nan lit kont teroris yo.
Nan diskou yè a, George Bush te gen kèk mo pou Iran tou: "Menmjan ak al-Qayida e ekstremis sinit yo, rejim iranyen an gen objektif klè: se kwape Ameriken nan rejyon an, detwi Izrayèl, e domine MwayennOryan an an jeneral.
Prezidan Bush tanmen yon seri diskou sou Irak ak lit kont teroris yo nan moman sondaj yo montre yon majorite Ameriken pa dakò ak fason Repibliken yo ap dirije gè Irak la.
Fè klik sou ralonj anlè foto a pou w koute repòtaj sila a.