Accessibility links

Breaking News

Andre Agassi Depoze Rakèt li


Tennis

Ansyen chanpyon ameriken Andy Roddick, Rus Marat Safin ak Ostralyen Lleyton Hewitt kalifye pou pwochen tou tounwa tenis US Open nan kap dewoule nan New York malerezman Andre Agassi fè malèt apre alman Benjamin Becker ki pa tèt de seri elimine Agassi kap mete fen nan 21 an karyè-skò final la 7-5, 6-7,6-4, 7-5. Safin elimine arjanten David Nalbadian 6-3, 7-5, 2-6, 3-6, 7-6. Roddick te monte yon maswife avan li kale espayòl Fernando Verdasco 6-7, 6-3, 6-4, 6-7, 6-2. Hewitt te bezwen 3 manch pou l kale Sèb Novak Djokovic 6-3, 6-1, 6-2.

Bò kote meda m yo Rus Dinara Safina ak Anna Chakvetqdze kalifye ansanm ak franse Tatina Golovin ki elimine Rus Nadia Petrova. Ameriken Serena Williams woule ak kout rakèt Sèb Ana Ivanovic 6-2, 6-4 pou l pase nan kar de final la.

Olympics

Komite Olenpik entènasyonal la nonmen vis prezidan òganizasyon spòtif entènasyonal la nan tèt delegasyon 18 manb kap evalue 3 vil ki manifeste entansyon pou òganize je zolenpikl divè 2014 yo. Delegasyon komite a gen pou l vizite vil Rus Sochi, Salzburg an Otrich epi Pyeongchang nan Kore du Sud. Vil kandida yo dwe soumèt plis detay bay Komite Olenpik la disi 10 Janvye 2010. Komisyon an ap publiye yon rapoè ki analize enstalasyon spòtif 3 vil yo. Yon mwa avan seleksyon vil la komisyon an pral renmèt rapò l bay Komite a van vòt definitif la kap dewoule nan Gwatemala. CN-76

Football

La polis nan vil Bagdad anonse endividu moun pa idantifye, kidnape Ghanim Ghudayer, ki te konn jwe nan seleksyon olenpik Irakyen an. Nan mwa pase yo responsab spòtif ak atlèt Irakyen te sib ravisè e gen pami yo ki menm mouri.

Ansyen aryè lateral seleksyon Italyen e kapitèn seleksyon 70 la Giacinto Faccheti mouri. Faccheti ki te prezidan Inter de Milan, te jwe nan klub la de 1961 a 1978. Msye jwe 94 match pou seleksyon nasyonal la--70 fwa kòm kapitè n. Faccheti te gen 64 tran.

Kore du Nò tronse la Chin 5 a 0 pou l ranpòte chanpyona du mond football feminen an ki tap dewoule nan vil Moskou. Brezil kale Etazuni 6 a 5 sou tir de penalite pou l konsole l ak 3 zièm plas la.

Kameroun kale Wanda 3 a 0. Angola tronse Swaziland 2 a 0 pandan ke Togo te fè anpil efò avan li kale Benin nan kad eliminatwa koup dAfrik dè Nasyon ki gen pou dewoule O Gana an 2 mil 8. Moritani fè match nul 0 a 0 ak Tunizi menm rezulta nan rankont Gine ak Aljeri, Sierra Leone ak Mali. Liberya kale Guine Ekwatoryal 2 a 1. Gami woule Cape Vert 2 a 0. Kongo tronse Namibi 3 a 2.Etyopi ranpòte yon viktwa tou mens devan Libi 1 a 0. Zambi danse sou Chad 2 a 0.. Gabon vannen Madagaskar Mauritani koule Botswana sou menm skò a 4 a 0.

Isit Ozetazuni D.c United kale Chivas USA 2 a 1 pou l rete nan tèt klasman jeneral la ak 50 pwen. 2 gòl siyen arjanten Christian Gomez. Nan lòt rankont Chikago Fire woule New York Redbulls 2 a 1. Kolonbus Crew tronse New England Revolution 3 a 0. FC Dallas ranpòte yon viktwa tou mens devan Houston Dinamo menm situasyon pou Kolorado Rapids ki kale Real Salt Lake 1 a 0. Galaksi geri bosko l sou Kansas City Wizards 2 a1.

FIFA anonse plan pou l devwale tout endividu kap kache dèyè yon kooperasyon pou yo achte yon klub football epi kenbe non yo an sekrè. Rezon an dapre otorite FIFA yo se pou gen plis transparans nan tranzaksyon football. La Frans kale Georgie 3 a 0 nan kad match kalifikatif koup dEròp dè Nasyon 2008 la

Basketball

Espay benyen la Grès 70 a 47 pou l ranpòte chanpyona du mond basketball maskulen an ki tap dewoule o Japon. Etazuni kale Arjantin Samdi 96 a 81 pou l konsole l ak 3 zièm plas la.

Sakramento Monarchs kale Detroit Shock 89 a 69 pou l ranpòte 3 ziém rankont seri 5 match final basketball feminen an. 2 ekip yo ap rankontre Mèkredi lakay Sakramento.

Lisa Leslie nonmen kòm pi bon pami pibon jwè basketball feminen pou yon 3 ziém fwa. Jounalis yo vote Lislie ak 508 vwa devan Diana Taurasi ak Katie Douglas. Leslie, ki gen 10 zan depi lap jwe nan basketball feminen an, te ranpòte trofe a an 2001 ak 2004.

Atletisme

Kourè Jamayiken Asafa Powell ranpòte kous 100 mèt maskulen Berlen an pou l pataje djackpòt 1 milyon dola ak 2 lòt atlèt. Viktwa a pèmèt Powell elijib pou l resevwa 250 mil dola yon seri de òganizasyon ofri. Ameriken Jeremy Wariner ak Sanya Richards venkè 400 mèt maskulen ak feminen ap resevwa 250 milyon dola. Kourè Etyopyen Tirunesh Dibaba pase akote apre li pèdu kous 5 mil mèt feminen an devan konpatriòt li Meseret Defar.. Etyopyen Kenenisa Bekele ranpòte kous 5 mil mèt maskulen an. Panameyen Irving Saladino ranpòte so an longè a. Etan done se 5 kièm viktwa chak endividu yo ranpòte pou sezon an-donk yap resevwa anviwon 83 mil dola.

Cyclisme

Siklis ameriken George Hncapie ranpòte kous bisiklèt pwofesyonèl ameriken an ki tap dewoule nan Greenville, Karolin du Sud. Sèlman 31 siklis pami 102, ki te demare, fini kous la fini.

XS
SM
MD
LG