Accessibility links

Breaking News

Kooperasyon ant Ayiti ak Repiblik Dominikèn Kont Trafik Dwòg


Men kèk nan pwen ki domine aktyalite a nan peyi d Ayiti:

Chèf Polis Nasyonal la, Mario Andrésol, fè chita-tande ak kèk gwo responsab nan Repiblik Dominikèn sou dosye trafik dwòg atravè fwontyè ki separe 2 peyi yo.

Lekòl ap relouvri lendi 4 septanm nan e minis Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl la mande pou edikatè yo pran travay yo plis oserye pandan responsab leta yo ap chache konbat koripsyon nan sektè edikasyon piblik la.

Anfen, Prezidan Konsèy Elektoral Pwovizwa a, Max Mathurin, deklare donatè k'ap soutni eleksyon yo kòmanse vèse kichòy pou eleksyon lokal ak rès eleksyon palmantè ki fikse pou mwa desanm 2006 la.

Fè klik sou ralonj anlè foto a pou w ka koute repòtaj Renan Toussaint an.

XS
SM
MD
LG