Accessibility links

Breaking News

Espay ak la Grès nan final Chanpyona Baskètball Mondyal la


Basketball

Chanpyon Ewopeyen an, la Grès, elimine Etazuni 101 a 95 pou l' kalifye pou final tounwa mondyal basketbòl la kap dewoule O Japon. Nan final la, kap jwe dimanch, Grèk yo ap rankontre rival Espayòl yo ki ranpòte yon viktwa de justès devan Arjantin 75 a 74. Etazuni ap rankontre Arjantin nan match konsolasyon an. Chanpyon an ap kalifye otomatikman pou je zolenpik Peken 2008 yo. Etazuni toujou gen chans pou l' patisipe nan je zolenpik yo akondisyon li kalifye pou final tounwa baskètbòl amerik yo ki dwe dewoule O Venezuela an 2007.

Football

Chanpyon an tit koup du mond foutbòl FIFA 2006 la, Itali ap rankontre ak Lithuanie, Almay ap akeyi Irland, La Frans kont Jòrji demen Samdi a nan kad match kalifikatif koup dEròp dè Nasyon 2008 la. Nan lòt rankont -yo:Angletè ap jwe kont Andò nan vil Manchester; La Grèsap woule balon ak Moldavi. la Oland ap mete tèt lakay Luksanbourg pandan ke Espay pral tope kòn li ak Liechtenstein. Gen yon total 21 rankont fikse pou demen Samdi a. 2 premye chak group yo ap kalifye pou faz final Euro 2008 la ki pral dewoule an tandèm an Swis ak nan Otrich--ki kalifye otomatikman.

Ostrali fè konnen li pare pou l' akeyi koup du mond FIFA 2010 la si Afrik du Sud ta gen pwoblèm. Responsab yo di rezon ki fè yo lanse pwopozisyon sa a se akoz kè sote ki genyen pou pwoblèm enfrakstruktu ak lòt andikap 9 vil Afrik du Sud ap fè fas. Ostrali ap mennen yon kanpay pou l' òganize koup du mond FIFA 2010 la. Responsab Ostralyen yo di yo kapab rezoud vit-e-prese pwoblèm kèk stadyòm ostralyen ap konfwonte yo si Afrik du Sud ta deziste ala dènyè minit e si FIFA ta fè apèl a yo.

Ansyen menè de je seleksyon franse a, Michel Platini, anonse li sispann kontra li te genyen ak chèn televizyon Canal Plus la pou l kapab konsantre l' unikman sou kanpay lap men-nen pou pòs prezidan Unyon Foutbòl Ewopeyen an. Eleksyon yo fikse pou 27 Janvye 2007 pandan kongrè UEFA Dusseldorf la, nan peyi Almay.

Klub Alman yo depanse plis pase 125 milyon dola kòm frè transfè swa 32 pou 100 ogmantasyon pa rapò a 2005. Bayern de Munik depanse pou kont li 26 milyon dola pou akizisyon Lukas Podolski ak defansè Daniel van Buyten ak Mark van Bommel.

Bò kote pa l FIFA enfòme federasyon football Kongolè a Matt Basoulou ak Christian Basila pap kapab patisipe nan match kalifikatif koup dAfrik dè Nasyon Gana 2008 la. Rezon an se akoz jwè ki te pran nesans a Pari de paran kongolè te deja jwe pou la Frans kategori Juniò e ke yo pat gen chanje nasyonalite yo avan 31 Desanm 2005

Klub Tchèk Sparta de Prag non-men ansyen entènasyonal Michal Bilek kòm nouvo antrenè klub la nan plas Stanislav Griga ki revoke.

46 peyi Afriken ap kòmanse faz eliminatwa koup dAfrik dè Nasyon 2008 la kap dewoule nan Gana. 16 peyi ap kalifye pou faz final la. Zimbabwe ak Kot Divwar pat jwe nan debu konpetisyon an kap kòmanse demen Samdi a. Afrik du Sud kap òganize pwochen koup du mond football FIFA a an 2010 ap akeyi Republik Kongo. Mozanbik pral lakay Senegal pandan ke Nijerya ap akeyi Nijèr. Cameroun ap fè yon kout pye lakay Wanda. Chanpyon sòtan an Ejipt ap kòmanse kanpay la kont Burundi Samdi. 46 peyi kap divize an 12 group ap patisipe nan faz eliminatwa a dèyè 15 plas an plis de Gana ki kalifye otomatikman kòm peyi òganizatè. Premye nan chak group yo ap kalifye ansanm ak 3 meyè 2 zièm yo.

Palman Afrik du Sud la mande otorite yo eklèsisman sou kontra 4 tran- 250 mil dola chak mwa federasyon football peyi a ap bay antrenè brezilyen Carlos Alberto Parreira pou l antrene seleksyon peyi a kap òganize koup du mond football FIFA 2010 la. Parreira gen pou l debake jodi a an Afrik du Sud kote li pral kòmanse preparasyon seleksyon an.

Juventus de Turen abandone aksyon nan tribunal li te antreprann kont dirijan football yo akoz yo desann ekip la nan 2 zièm divizyon, pèdu 17 pwen ak 2 dènye tit yo te ranpòte. Obsèvatè yo te atann yo ak desizyon yè Jedi- a apre federasyon football Italyen te menase pou l pran plis sanksyon kont klub Turinwa ki nan sant yon eskandal footbal. Federasyon an te gonfle bibit li apre FIFA te menase pou l radye tout klub Italyen ansanm ak seleksyon nasyonal la te de tout konpetisyon entènasyonal. Dapre nouvèl yo tout sanksyon tap deranje kanpay seleksyon an ap men-nen nan eliminatwa koup dEròp dè nasyon 2008 la.

Tennis

Chanpyon sòtan US Open an Swis Roger Federer ap sou teren jodi an nan Flushing Meadow New York kote lap rankontre ak Britanik Tim Henman pandan ke bèlj Justine Henin Hardenne pral mate balon fas a japonè Ai Sugiyama. Ameriken Lindsay Davenport ap rankontre Slovèn Katarina Srebotnik. Rus Svetlana Kuznetsova fas a Anastassia Rodionova. Elena Dementieva kont Vera Zvonareva. Rus Marat Safin pral mate balon fas a arjanten David Nalbandian. Rus Teimuraz Gabashvili pral montre ameriken James Blake epi Britanik Andy Murray kont Italyen Alessio Di Mauro.

Yè swa ameriken Andre Agassi monte yon maswife avan li kale Chipriyòt Marcos Baghdatis pou l kalifye pou 3 zièm tou tounwa tenis US Open nan New York. Rezulta 6-4, 6-4, 3-6, 5-7,7-5 an prezans 24 mil fanatik ki te kanpe sou 2 pye pou salye Agassi kap patisipe nan dènye tounwa tenis li. Bò kote meda m yo ameriken Lindsay DAvenport ak Serena Williams, Rus Svetlana Kuznetsova, bèlj Justine Henin Hardenne, franse Amelie Mauresmo Rus Maria Sharapova kalifye pou pwochen tou a. Malerezman Swis Martina Hingis tonbe devan frane Virginie Razzano.

Bò kote mesye yo espayòl Rafael Nadal, Tommy Robredo ak Ostralyen Lleyton Hewitt kalifye pou 3 zièm tou a.Ameriken Andre Agassi monte yon maswife avan li kale Chipriyòt Marcos Baghdatis pou l kalifye pou 3 zièm tou tounwa tenis US Open nan New York. Rezulta 6-4, 6-4, 3-6, 5-7,7-5 an prezans 24 mil fanatik ki te kanpe sou 2 pye pou salye Agassi kap patisipe nan dènye tounwa tenis li.

Bò kote meda m yo ameriken Lindsay DAvenport ak Serena Williams, Rus Svetlana Kuznetsova, bèlj Justine Henin Hardenne, franse Amelie Mauresmo Rus Maria Sharapova kalifye pou pwochen tou a. Malerezman Swis Martina Hingis tonbe devan frane Virginie Razzano. Bò kote mesye yo espayòl Rafael Nadal, Tommy Robredo ak Ostralyen Lleyton Hewitt kalifye pou 3 zièm tou a.

Atletisme

Kourè ameriken Allen Johnson te fè tout li kapab avan li kale adolesan kuben Dayron Robles nan kous 110 mèt Hè kous Grand Priz Zagreb la. Bahamehen Debbie Ferguson ranpòte la viktwa devan chanpyon Eropeyenan Kim Gaevert.

XS
SM
MD
LG