Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Palmantè yo Kontinye Lanse Apèl pou Gouvènman an Chèche Rezoud Pwoblèm Ensekirite a


Men kèk pwen k ap fè aktyalite a ann Ayiti pou jounen mèkredi 30 Out 2006 la:

Gouvènman ayisyen an depoze yon pwojè-lwa devan palman an ki sòt ratifye akò PetroCaribe leta ayisyen te siyen ak otorite peyi Venezuela yo. Se sa korespondan nou Renan Toussaint fè n konnen depi Pòtoprens.

Yon palmantè ayisyen ensiste sou nesesite pou gouvènman an double jefò pou konbat ensekurite a ki touche tout kouch sosyal nan peyi a. Daprè yon korespondans Yvan Martin Jasmin depi Kap-Ayisyen.

Gouvènman ayisyen an debloke plizyè dizèn milye dola pou ede viktim pasaj ouragan Ernesto. Korespondan nou Jean-Ernst Eliscar di nou rezidan yo dekouvri plis kadav ke otorite yo anonse pou zòn Sud la. Omwens 3 mounn pèdi lavi yo anba move tan an nan rejyon sid peyi a.

Minis enteryè ayisyen an louvri yon ankèt sou jesyon 4 gouvènman lokal nan Sidès peyi dAyiti. Korespondan nou Jean Martinez rapòte nou nouvèl sa a.

Klike sou lyen anlè a pou w koute aktyalite a ann Ayiti pou Mèkredi 30 Out 2006 la.

XS
SM
MD
LG