Accessibility links

Breaking News

HAïTI:Inisyativ Sosyete Sivil la Ak Federasyon Pwotestant lan Mande Palman an Bay Gouvènman an Plis Otorite Kont Gang Ame yo


Pwofesè Rosny Desroches ak Pastè Edouard Paultre, 2 gwo pèsonalite nan sosyete sivil la an'n Ayiti, pwononse yo sou pwoblèm ensekirite ak bandi kap simaye laterè atravè peyi a, patikilyèman, nan rejyon metwopolitèn Pòtoprens lan. Msye Desroches envite gouvènman pou l' pi fèm nan lut kont ensekirite a e pou lapolis ak Minustah (Misyon Nasyonzini pou Establizasyon Ayiti a) pi vizib sou teren-an.

Bò pa li, direktè Federasyon Pwotestant Ayisyèn nan, msye Paultre, envite gouvèman an montre plis transparans nan lut kont gang ame yo epi enfòme publik la sou mezi li adopte pou kontre banditism nan. Edouard Paultre di Palman an dwe bay gouvènman plis otorite pou l' lite efikasman kont bandi yo.

Ale sou ralonj ki anlè atik la pou' koute repòtaj korespondan nou yo, Renan Toussaint ak Alfred Jean sou fenomèn kidnaping ak ensekirite a.

XS
SM
MD
LG