Atletisme
Kourè ameriken Justin Gatlin dakò pou l purje yon entèdiksyon 8 tan pou l evite yon entèdiksyon avi apre li teste pozitif pou uzaj anabolizan. Atant la fèt yè Madi a an echanj pou kooperasyon Gatlin ak otorite yo apre li te teste pozitif pou uzaj testostrone ak lòt steroyid. Akoz akò ak Ajans Anti dopaj ameriken Gatlin kapab toujou ale an apèl ak desizyon ak posibilite pou redui santans la
Kourè ameriken Marion Jones ki ranpòte 5 meday olenpik ak 4 tit atletis mondyal di li sezi konstate li te teste pozitif pou drog sentetik EPO nan okazyon chanpyona nasyonal atletis ameriken an kote li te ranpòte kous 100 mèt feminen. Jones di lap tann rezulta 2 zièm tès la pou l konnen. Dapre responsab yo si Jones teste pozitif li kapab resevwa yon sanksyon 2 zan. Dick Pound prezidan Ajans Anti Dopaj Mondyal la fè konnen Ajans Anti Dopaj ameriken an te gen yon je sou Jones apre li te mele nan eskandal Balco a nan Kalifòni.
La polis Swedwa abandone ankèt li tap fè sou drò paraphenalia li te jwen tou pre otèl atlèt ki sot dewoule nan Goteborg. Rezon an dapre polisye yo, substans ki nan boutèy yo pa ilegal. Asosyasyon Atletik Eropeyen an di òganizasyon dakò ak desizyon la polis pran pou l abandone ankèt la.
Atlèt Panameyen Irving Saladino ranpòte sot an longè konpetisyon Intersport Gugl kap dewoule nan Linz an Otrich. Saladino ranpòte konpetisyon an devan ameriken Dwight Phillips ak Botswanè Gable Garenmotse. Kourè ameriken Jason Smoots ranpòte kous 100 mèt la devan Leonard Scott. Ameriken James Carter ranpòte kous 400 mèt Hè a devan Derek Williams. Kuben Dayron Robles ranpòte kous 110 mèt Hè a devan ameriken Allen Johnson. Jamayiken Chris Williams ranpòte kous 200 mèt maskulen an. Bò kote meda m yo Ameriken Stephanie Durst ranpòte kous 100 mèt feminen an devan Ivwaryèn Affoue Amandine Allou.
Atletisme
Òganizatè Maraton Boston yo anonse konpetisyon an ap demare 10 zhè nan maten olye de midi. Rezon an dapre òganizat yo se pou soulaje pwoblèm trafik nan 8 vil ak vilaj kote maraton an ap pase. Plis pase 22 mil atlèt enskri pou patisipe nan 111 zièm edisyon maraton le 16 Avril 2007.
Basketball
Andres Nocioni make 23 pwen pou ede Arjantin danse sou Nijerya 98 a 64 nan kad chanpyon du mond basketball kap dewoule O Japon. Nan lòt rankont Pau Gasol make 28 pwen nan swif 93 a 83 Espay pase Angola nan group B a-4 trièm viktwa pou espayòl yo--premye defèt pou Angola. Nan group C-a Lituani danse sou Ostrali 78 a 57. Ostrali ki pèdu 3 rankont epi ranpòte yon sèl viktwa dwe kale Katar si l vle gen chans pou l kalifye pou faz dechoukaj la. Nan group D- a Yao Ming make 26 pwen pou kontribye nan viktwa 100 a 83 la Chin ranpòte devan Senegal. Chinwa, ki ranpòte premye viktwa yo, dwe kale Sloveni pou konsève chans pou yo kalifye pou pwochen tou a. La Frans subi yon defèt supriz devan Liban 74 a 73. Viktwa ranfòse espwa Liban pou l ta kalifye pou 8 tièm final la aloske la Frans dwe kale Venezuela pou l pase nan faz dechoukaj la.
Football
Kar de final Open cup ameriken ap demare jodi a lè D.C United ap akeyi antrenè Bruce Arena ak New York Redbulls isit Washington. Galaksi ap akeyi ayisyen Fabrice Noel ak Kolorado Rapids. Houston Dynamo kont FC Dallas epi New England Revolution kont Chikago Fire.
Sou kontinan Eropeyen an Milan A C, ki enplike nan yon eskandal football an Itali, kale Etwal Wouj de Belgrad 2 a 1 pou l pase kap 3 zièm tou chanpyona Eropeyen an. Liverpool kalifye apre nul 1 a 1 yo fè ak klub Izrayelyen Maccabi Haifa--klub angle a te ranpòte match ale a 2 a 1. Valans kalifye tou apre yo woule klub Otrichyen Saltzbourg 3 a 0.
Milan A-C kontakte ofisyèlman responsab klub espayòl Real Madrid pou jwen sèvis atakan brezilyen Ronaldo. Vis prezidan klub la Adriano Gallini eksprime satisfaksyonn apre konvèsasyon li te genyen ak dirijan yo. Antrenè Real Madrid la Fabio Capello konfime volonte l pou Ronaldo kontinye jwe pou klub espayòl la.
Antrenè arjanten Ricardo Lavolpe, ki te mennen Meksik nan 8 tièm de final koup du mond Almay 2006 la, nomen kòm nouvo antrenè klub Arjanten Boca Juniors. Msye ranplase Alfio Basile ki se aktuèl antrenè seleksyon Arjanten an.
Tennis
Chanpyon sòtan tounwa tenis New Haven Connecticut la ameriken Lindsay Davenport te bezwen 2 kout rakèt 6-3, 6-3 pou l kale Slovèn Katarina Srebotnik.
Voleball
Federasyon Volleyball Entènasyonal envite Itali pou vinn patisipe nan faz final koup du mond Vollebòl kap dewoule nan vil Moskou a pati de 23 Out. An plis de Itali nou jwen Sèbi ak Montenegro, Brezil, la Frans, Bulgari ak òganizatè kopetisyon an la Rusi.
Cyclisme
Siklis Espayòl Oscar Freire anonse li pap patisipe nan tour dEspay la kap dure 3 semen akoz yon pwoblèm nan kou. Kous bisiklèt la ap kòmanse Samdi pou l fini an 17 Septanb.