Accessibility links

Breaking News

Yon Ankèt Louvri sou 3 Atlèt Afriken


Atletisme

Prezidan Federasyon Atletis Entènasyonal la Lamine Diack anonse jodi a ouvètu yon ankèt sou 3 atlèt-John Yego ki rele Bilal Mansour Ali, Dennis Kipkurui ki rele kounye a Taher Tarek Mubarek ak Hosea Kosgei ki rele Aadam Khamis. 3 Atlèt yo ki te pran nesans o Kenya, sanble yo ta pi gran moun ke yo deklare bay otorite yo. Atansyon yo konsantre sou John Yego ki te ranpòte meday dò nan 1500 mèt chanpyona atletis la kategori kadè ane pase et sot ranpòte meday bronz nan menm distans la nan chanpyona du mond Juniò ki sot dewoule nan vil Peken yè Dimanch la. Chanpyona vize jèn ki gen mwens ke 20 tan aloske Yego deklare li sèlman gen 17 tan. Moun ki konnen msye o Kenya e ki te wè l ap patisipe nan konpetisyon ant 2000 ak 2002 sugjere atlèt la prèske gen 23 zan. Si otorite yo jwen Yego koupab li kapab resevwa yon entèdiksyon avi.

Kourè Polonè Artur Noga ranpòte premye meday dò pou peyi a nan kous 110 mèt Hè chanpyona atletik Juniò kap dewoule nan Peken an Chin. Franse Benjamin Compaore ranpòte meday dò nan triple so. Tariku Bekele ranpòte kous 5 mil mèt la. Etazuni ranpòte kous 400mèt relè a pandan ke Jamayik ranpòte kous 4 par 100 mèt la. bò kote meda m yo Kenyan Irene Jelegat ranpòte kous mil 500 mèt. Etazuni ranpòte 4 par 400 mèt relè a al 4 par 100 mèt. La chin kap òganize konpetisyon an ranpòte17 meday swa 2 meday an plus devan Kenya. Judo

Federation Haitienne de Judo press release Judoka ayisyen yo kategori Infantil ak Juvenil ranpòte 30 meday nan chanpyona Sant Amerik ak Karayib ki sot dewoule nan Sen Domeng. Judoka ayisyen yo ranpòte 5 meday dò, 11 arjan epi 14 an bronz. Plus pase 100 atlèt ki soti nan plizyè peyi nan rejyon an te patisipe nan konpetisyon ki dure 2 jou.

Baskettball

Sèbi ak Montenegro benyen Liban ak yon viktwa 104 a 57 pou ranpòte premye viktwa yo nan koup du mond basketball kap dewoule O Japon nan group A a. La Frans kale Nijerya 64 a 53 nan chanpyona du mond basketball kap dewoule O Japon. Yon viktwa ki pèmèt la Frans rapwoche l de 8 tièm de final la a kondisyon yo kale Liban ak Venezuela nan group A a. Arjantin chanpyon Olenpik basketball la, Espay ak Angola kalifye pou 8 tièm de final la ki se faz dechoukaj la. Arjanten yo kalifye apre yon woule Venezuela 96 a 54. Espay ranpòte 3 zièm vitwa a nan konpetisyon an gras ak yon swif yo pase Almay. Angola ki deja kale Japon ak Panama tronse Nouvel Zeland 95 a 73. Japon kale Panama 78 a 61.

Football

Juventus de Turen ki desann nan 2 zièm divizyon pou patisipasyon nan eskandal footbal ki frape football Italyen an prale an apèl pou wè si otorite yo ta soulaje sanksyon yo. Responsab yo deside ale an apèl nan sa yo kwè enjustis otorite yo fè lè yo enpoze yon seri de sanksyon sevè kont klub la. Lazio ak Fiorentina 2 lòt klub ki enplike nan eskandal la, retounen nan chanpyona premyè divizyon an.

Nan Supercoup dEspay la Barselòn ranpòte trofe a apre viktwa byen fasil 3 a 0 devan Espayòl de Barselòn. Se premye trofe Baselonè yo ranpòte pou sezon 2006-2007 la.

Natasyon

Najè ameriken Michael Phelps ak Brendan Hansen bat pwòp rekò yo nan okazyon chanpyona Natasyon kap dewoule nan Victoria Kanada. Phelps kouvri 200 mèt medley a an 1 minit 55 pwen 84 / 100 tièm sekond--pi rapid rekò l te bat san gen 3 zan. Hansen bò kote pa l bat rekò 200 mèt naj la an 2 minit85 100 tièm de sekond--pi rapid ke rekò li te bat 5 Out nan chanpyona nasyonal ameriken an.

Tennis

Final tounwa tenis feminen Montreal ant Swis Martina Hingis ak Sèv Ana Ivanovic ap jwe jodi a apre la pli te ranvwaye match la. Ameriken Andy Roddick ranpòte tounwa tenis Cincinnati apre li woule an kout rakèt espayòl Ferrero 6-

XS
SM
MD
LG