Accessibility links

Breaking News

Yon Ayisyen Mouri, Sis Anba Kòd, Sèt Nan Kache Apre Yo Te Antre Ilegalman Nan Florid


Men kèk nan nouvèl ki nan aktyalite ayisyèn nan pou jedi 17 out 2006 la.

  • Nan sid eta Florid, responsab Gad-Kòt fè konnen yo arete 6 imigran ilegal ayisyen, yo dekouvri kadav yon lòt (yon fanm) e 7 lòt nan mawon apre yo sanble te debake anba chal bò awondisman Palm Beach. Nan peyi d Ayiti, yon lidè Katolik nan vil Okay mande twoup L'ONU yo ogmante prezans yo nan zòn sid la, sitou nan nuit, pou konbat zak kriminèl ki menase stabilite rejyon an, dapre yon repòtaj Jean-Ernst Eliscar Pandansetan nan Latibonit, patizan Fanmi Lavalas pran lari pou reklame retou fizik ansyen prezidan Jean-Bertrand Aristide, liberasyon tout prizonye sektè Lavalas la epi retablisman nan fonksyon yo plizyè milye moun yo di rejim Boniface-Latortue a te revoke apre 29 fevriye 2004. Yon korespondans Alfred Jean. Anfen nan Plato Santral, Jn-Christophe Collègue di nou Bank Mondyal ap bay Ayiti yon afè de 38-milyon dola pou finanse yon seri pwojè devlòpman kominotè. Lajan sa a pral distribye nan tout peyi a.

Pou w ka koute dosye Ayiti a an detay pou maten 17 out 2006 la, fè klik sou ralonj ki anlè foto a.

XS
SM
MD
LG