Accessibility links

Breaking News

Lig Arab la ap Kontinye Chache Chanjman Nan Yon Rezolisyon Konsèy Sekirite a sou Liban


Yon delegasyon peyi-manm Lig Arab rankontre yè madi 8 Out la ak Konsèy Sekirite L'ONU an nan New York pou mande yon psae-men nan yon pwojè-rezolisyon Etazini ak Lafrans patwone e ki prevwa yon seselfe nan batay ant lame peyi Izrayèl ak geriya Hezbollah a nan Liban. Minis afè etranje Qatar mande Konsèy la pa vote yon dokiman ki pap kapab aplike sou teren an oubyen ki pral pwovoke plis santiman negatif nan rejyon an vizavi puisans oksidantal yo.

Yon lòt kote, Kabinè sekirite Izrayèl la reyuni jodi a pou l’deside si twoup Tsahal yo (kidonk lame peyi a) dwe antre pifon toujou sou teritwa libanè a pou konbat geriya Hezbollah a. Seyans Kabinè a dewoule nan moman batay fewòs ap kontinye fè raj bò fwontyè ki separe Izrayèl ak Liban. Selon kèk sous militè izrayelyen, omwen 15 sòlda blese nan nuit la toupre vilaj Qantara, nan yon lese-frape ak geriyewo Hezbollah yo.

Gouvènman libanè a deklare avyon-de-gè izrayelyen fè plizyè sòti sou rejyon ès Vale Bekaa a; Yo bonbade yon kan refujye palestinyen toupre vil Sidon, e yo mennen operasyon lòt kote tou nan peyi a. Otorite-yo di omwen 5 moun mouri nan yon atak sou rezidans prive yon responsab Pati Hezbollah a. Pou pi piti, gen 900 libanè ak 100 izrayelyen ki pèdi lavi yo nan konfli sa a ki te eklate apre Hezbollah te janbe fwontyè a pou kidnape 2 sòlda izrayelyen nan dat 12 jiyè pase a.

Si ou vle tande dosye Izrayèl-Liban pou maten 9 Out la, fè klik sou ralonj anlè foto a.

XS
SM
MD
LG