Accessibility links

Breaking News

La Chin ap Mennen Ankèt kont yon Majistra pou Magouyè


Chine / Olympics

Komite òganizasyon Je Zolempik Peken 2008 yo fè konnen gouvènman kontinye ap ankete akuzasyon korupsyon kap peze sou do asistan majistra vil la Liu Zhihua.

Basketball

Lebron James make 23 pwen pandan Carmelo Anthony ajoute 18 pwen nan swif 119 a 73 seleksyon basketball ameriken an pase La Chin nan Guanghou. Rankont sa a antre nan kad preparatif kap fèt pou koup du mond Basketball la ki gen pou dewoule O Japon a pati de 19 Out.

Tennis

Ansyen numewo 1 tenis mondyal maskulen Rus Yevgeny Kafelnikov anba akuzasyon kòm kwa li dwe otorite vil Swis Moelin plis pase 120 mil dola taks soti 2001 pou rive nan 2004. Otorite yo di si msye pa peye taks la yap kenbe villa li posede nan vil kòm kolateral.

Arjanten Paola Suarez kale Polonèz Marta Domachowska 3-6, 6-4, 6-2 nan premye tou tounwa tenis JP Morgan nan kap dewoule nan Carson an Kalifòni.

Jwè tenis Italyen Davide Sanguinetti pat pran anpil tan pou l elimine Arjanten DAvid Nalbandian 6-1 , 6-2 nan koup Rogers la kap dewoule nan Toronto, Kanada.

Football

Gadyen seleksyon Franse a Fabien Barthez anonse plan pou l kontinye jwe football pandan yon lòt 2 zan. Msye di li ta renmen nan yon lòt klub apre kontra l ekspire ak Olenpik de Marseille. Barthez di li ta renmen retounen nan Toulouze kote li kòmanse karyè l an 1991. Msye manifeste entansyonn pou l ta jwe pou klub Monaco ou byen Manchester United.

Antrenè franse a Raymond Domech gen pou anonse demen Mèkredi a seleksyon ki pral rankontre ak Bosni Herzegovin nan okazyon match amikal ki fikse le 16 Out nan Sarajevo.

Klub Izrayelyen yo dwe jwe tout match entènasyonal sou yon lòt teren juska nouvèl òd apre Unyon Footbal Eropeyen an voye yon lèt tou louvri bay responsab pou anonse entèdiksyon ki enpoze sou teren football peyi a pou rezon sekurite. Tout klub Izrayelyen kap patisipe nan chanpyona Europeyen menm jan ak seleksyon nasyonal la dwe jwe rankont a domisil yo sou yon teren neut.

Ansyen antrenè seleksyon nasyonal ameriken Bruce Arena kòmanse antrenè New York Redbulls. Bruce Arena kòmanse antrenman ak posibilite pou klub la siyen yon kontra ak ansyen mitan D.C United Dema Kovalenko ak franse Youri Djorkaeff ki retounen apre yon konje ki dure anviwon yon mwa. Ansyen antrenè seleksyon ayisyen an ameriken Fernando Clavijo pwolonje kontra l ak Kolorado Rapids juskan 2008. Pa gen detay sou kontra a. Footbalè Meksiken Jared Borgetti pral jwe nan Bolton apre li pa rive jwen yon antant ak klub Sawoudyen Al Ittihad

XS
SM
MD
LG