FOOTBALL
Unyon Football Eropeyen entèdi Izrayèl òganize match footbal entènasyonal juska nouvèl òd
Vedèt football ameriken yo kale chanpyon an tit angle Chelsea 1 a 0 nan kad yon match amikal chofe jarèt ki jwe Samdi nan mwatye sezon an MLS la. Yon lòt kote Chivas de Guadalaraja fè match nul 1 a 1 ak FC Barselòn kap efektue yon toune an Amerik du Nò. Plis pase 92 mil fanatik te asiste rankont la nan Los Anjeles. Barselonè yo ap rankontre ak klub Meksiken Amerika Mèkredi nan Houston.
Atakan arjanten Hernan Crespo siyen yon kontra 2 zan ak Entèr de Milan-sa vle di Crespo ap kite chanpyon an tit Angle Chelsea ki toujou gen dwa raple jwè a pandan premye sezon.
Isit Ozetazuni Chivas USA fè match nul 1 a 1 ak New England Revolution. .
Tennis
Vedèt tenis Rus Maria Sharapova elimine bèlj Kim Clijsters pou l ranpòte tounwa tenis Accura Classic la ki tap dewoule nan tou pre vil San Diego 7-5, 7-5 pou l mete fen nan 24 viktwa afile bèlj tap plede ranpòte sou teritwa ameriken an. Clijsters deja anonse plan pou l pran retrèt li nan fen sezon 2007 la. Sharapova foure nan bous li 196 mil dola pou tit la pandan Clijsters ranpòte 100 mil dola pou l tounen 9 vièm jwè tenis ki ranmase 14 milyon dola nan karyè l.
Jwè tenis Franse Arnaud Clement te bezwen 3 manch pou l kale Britanik Andy Murray 7-6, 6-2 pou l ranpòte tit tounwa tenis Legg Mason nan ki tap dewoule isit Washington. Clement ki klase 57 tièm jwè mondyal, ranpòte premye tounwa tenis ATP an deyò la Frans e 4 trièm tit ATP nan karyè l. 9--
Cyclisme
Chanpyon kous bisiklèt Tour de Frans, Floyd Landis, kap fè fas ak akuzasyon li ta konsome dròg pou l ogmante nivo testosteròn di Federasyon Siklis Entènasyonal la pa byen trete l nan dosye a akoz dapre li yo publiye rezulta tès dròg la twò bonè avan yo menm enfòme l dapre pwotoko l yo. Landis reyalize yon seri de televizyon nan medya ameriken yo kote li demanti. Msye di sou yon total 8 tès ki fèt pandan dewoulman konpetisyon an se sèlman youn ki pozitif.
Federasyon Siklis Ameriken renmèt dosye anti dopaj siklis ameriken Floyd Landi bay Ajans Anti Dopaj ameriken an apre 2 zièm tès la pozitif. Landis demanti pawòl kap pale kòm kwa li ta pran yon seri de medikaman pou ogmante nivo testosteron li. Si responsab yo kapab retire tit Tour de Frans la nan men ameriken an sa pral vle di tit la pral jwen espayòl Oscar Periro. Flyod reafime volonte pou lave nonn nan skandal la. Msye vle prove li inosan
Siklis Swis Fabian Cancellara ranpòte kous bisiklèt Tour Danmak la malgre siklis alman Robert Forster ranpote dènye etap la. 128 siklis ki te soti nan 16 peyi te patisipe nan konpetisyon an e ki kouvri 875 kilomèt.
Atletisme
Responsab Atletis Mondyal la mande pou retounen ak entèdiksyon 4 tran pou vyolasyon grav substans ki entèdi nan spò. Federasyon Atletis Entènasyonal la ki kalifye dosye kourè ameriken Justin Gatlin kòm yon dezas. Lamine Diack deklare yè Dimanch la li vle pou gen yon entèdiksyon 4 tran olye de 2 zan pou dekouraje atlèt kap konsome dròg pou ranpòte la viktwa. Sepandan atlèt ki pran yon stimulan kapab resevwa yon entèdiksyon 2 zan.
Kourè Britanik Christine Ohuruogu kapab fè fas ak yon entèdiksyon 2 zan apre li rate 3 tès an deyò konpetisyon pandan 18 dènye mwa a.
Olympics
Responsab komite òganizatè Je Zolenpik Peken 2008 yo anonse plis pase 7 milyon tikè pral disponib pou publik la ak yon pri ki pa koute twò chè. Tikè sa yo pral disponib nan mitan ane 2007 la.
Responsab yo nan Komite Olenpik Ostrali a anonse entansyon yo pou voye yon ekip plis pase 500 atlèt nan Je Zolempik Peken 2008 yo. Se premye fwa Ostrali ap patisipe nan yon konpetisyon ak kantite atlèt sa yo. Dènye rekò a se te pandan je zolenpik Atèn 2004 yo kote Ostralyen yo te patisipe ak 482 atlèt. Ostrali te ranpòte yon total 49 meday pami yo 17 an ò. Ostralyen yo te fini 4 trièm dèyè Etazuni, la Chin ak la Rusi.