Accessibility links

Breaking News

Ensecurite an Izrayel Fose Unyon Football Eropeyen an Modifye Kalandriye Rankont yo


Football

Unyon Football Europeyen anonse match kalifikatif ale koup Unyon Football Eropeyen ant klub Izrayelyen Hapoel Tel-Avic FC kont klub Slovene Domzale le 8 Out dwe jwe sou yon teren neut pou rezon sekurite. Rankont ant klub Izrayelyen Bnei Yehuda Tel Aviv ki te gen pou akeyi Lokomotiv de Sofia le 10 Out ap jwe sou yon lòt teren ki poko anonse. Responsab yo di yap deside 7 Out si wi ou non klub Izrayelyen Beita de Jeruzalem ap toujou akeyi klub Woumen Dinamo de Bucharest nan match retou ki fikse le 24 Out. Responsab ap deside si Maccabi Haifa kapab akeyi klub angle Liverpool nan 3 zièm tou a.

Responsb yo jwen yon antant pou transfere footbalè franse Patrick Viera soti nan Juventus de Turen pou l al jwe nan Inter de Milan sepandan David Trezeguet ap kontinye jwe pou Juventus de Turen ki desann nan 2 zièm divizyon. Federasyon Football Libanèz la anonse desizyon li pran pou l seleksyon an pa patisipe nan eliminatwa koup dAzi dè Nasyon an. Liban te nan menm group ak Ostrali, Bahrein ak Koweit.

Unyon Football Eropeyen an ap pwononse l sou dosye Milan AC a ki enplike nan yon skandal magouy nan chanpyona Italyen an. Footbalè Brezilyen Ronaldo rekòmanse antrenè ak Real Madrid plis pase 2 semen apre li fè yon operasyon nan pye.

Aktyèl Antrenè klub Arjanten Boca Junior, Alfio Basile non-men kòm nouvo antrenè seleksyon Arjanten an-- yon jòb msye ap kòmanse 14 Septanb.

Antrenè seleksyon football Irakyen an Akram Salman abandone pòs antrenè seleksyon an apre menas lanmò li di li resevwa dapre nouvèl Konfederasyon football Azyatik la publiye.

New York Red Bull nonmen ansyen footbalè ameriken John Harkes kòm asistan antrenè ekip la. Nominasyon sa a fèt kèk semen apre ansyen antrenè seleksyon ameriken an Bruce Arena nonmen nan tèt ekip la.

Tennis

Ameriken Andy Roddick abandone tounwa tenis Legg Mason nan kap dewoule isit Washington. Roddick espere an fòm pou l patisipe nan tounwa tenis US Open nan kap demare nan fen mwa a. Ameriken Jan Michael Gambill ap ranplase Roddick ki te gen pou rankontre Sèb JankoTipsarevic. Pandantan Sud Afriken Wesley Moodie kalifye pou 2 zièm tou tounwa a gras ak 3 kout rakèt li pase ameriken Sam Querrey 2-6, 7-6, 7-6. Danwa Kenneth Carlsen te bezwen 2 manch pou l debarase l de Danai Udomchoke 6-1, 6-2. Carlsen pral rankontre ak Tailandè Paradorn Srichaphan. Ameriken Kevin Kim elimine konpatriòt li Scott Oudsema 6-1, 6-3. Kim pral rankontre ameriken James Blake.

Sèb Jelena Jankovic ranpòte la viktwa nan tounwa tenis Acura Classic kap dewoule nan Carlsbad Kalifòni. Jankovic elimine Rus Maria Kirilenko 6-1, 6-4. Espayòl Virginia di Pascual elimine Elena Likhovtseva 6-4, 6-3. Findlandè Emma Laine wole ameriken Vania King 6-4, 6-2. Rus Nikolay Davidenko te bezwen 54 minit pou l debarase l de Bèlj Christophe Rochus 6-1, 6-2 nan tounwa tenis kap dewoule nan Sopot nan Polòy.

XS
SM
MD
LG