Otorite Unyon Football Europeyen yo fè konnen tout footbalè ki ta lanse pwopo rasis ou byen provoke yon ensidan rasis kapab resevwa yon suspansyon juska 5 match maksimòm. KLub yo kapab peye yon amand plis pase 20 mil dola si fanatik yo lanse pwopo rasis ki gen rapò ak relijyon ou byen tout move konpòtman. Nouvo règleman yo prevwa yon suspansyon juska 2 match pou tout jwè ki fè fent yo resevwa yon chòk ou blesu pandan yon rankont football.
Defansè Brezilyen Roberto Carlos fè konnen lap kontinye jwe nan Real Madrid apre li finn rankontre nouvo antrenè klub espayòl la Fabio Capello. Roberto Carlos te refuze òf 3 zan pou l te jwe nan klub Angle Chelsea. Msye te jwen yon lòt òf nan men klub Turk Fenrbachce-klub Brezilyen Zico ap antrene.
Vedèt football Angle David Beckham di li espere blesu li resevwa nan jenou pandan koup du mond la ap geri pou pèmèt li patisipe nan tounwa pre-sezon Real Madrid ap gen pou fè Ozetazuni. Real Madrid gen pou rankontre ak D.C United le 9 Out nan Seattle epi Real Salt Lake nan Salt Lake le 12 Out. Real Madrid ap gen sèvis nouvo atakan Olandè Van Nistelrooy--yon ansyen jwè ki te konn jwe nan Manchester United ansanm ak David Beckham.
Pwopriyetè stad football Angle a Wembley anonse li atann li konstruktè yo ap rate delè ki fikse pou revizyon konstruksyon stad la an Septanb. Multiplex, konpayi Ostralyen kap rekonstrui stad la, deja rate delè 30 Janvye ak 31 Mas pou l te renmèt stad la. Chèf ekzekutif Stad la Michael Cunnah di li rete kwè konstruksyon stad la kap gen yon kapasite 90 mil plas la ap fini nan nan fen ane a.
Seleksyon football feminen ameriken an kale Kanada 2 a 0 nan kad yon match chofe jarèt ki jwe nan Cari an Karolin du Nò. Sa fè ameriken yo 3 zièm viktwa yo ranpòte mwa sa a. Ameriken yo te bat La Swèd 3 a 2 nan Blaine Minnesota epi woule Irland 5 a 0 semen pase a nan San Diego Califòni. MLSNET FC Dallas woule Kolorado Rapids 4 a 1. Wizards fè match nul 1 a 1 ak New England Revolution. Chikago Fire fè match nul 0 a 0 ak Kolonbus. D.C. United tonbe 2 a 1 devan Real SAlt Lake.
Cyclisme
Direktè Spòtif ekIp siklis Phonak Jacques Michaud defann siklis ameriken Floyd Landis ki anba akuzasyon kòm kwa li te pran yon anabolizan pou pèmèt li ranpòte kous bisiklèt tour de Frans la. Landis ki teste pozistif pou wo nivo testosteròn fè konnen sistèm ni jenere wo nivo testosteron nan pandan li mande pou gen yon tès endepandan ki fèt pou justifye pozisyonn nan.
Toujou nan Siklism responsab yo an Almay sot òganize yon somè nan Hambour pou pran mezu kont dopaj apre Jan Ullirch te ekspulse nan kous bisiklèt Tour de Frans la pou patisipasyon nan yon skandal dopaj. Responsab yo di yo pa kapab kite yon endividu sal imaj siklis alman an ki gen anviwon 7 milyon lisansye. Pami mezu ki adopte nan somè a nou jwen amelyorasyon kontwòl-plis atansyon sou pakou siklis yo ak lwa anti dopaj. Plan an pral rediskute le 10 Out epi an Septanb
Ekip bisiklèt T- Mobile anonse plan pou ameriken Bob Stapleton ranplase Olaf Ludwig
Natasyon
Najè franse Laure Manaudou ki tap chache ranpòte 8 eprèv nan chanpyona natasyon Eropeyen an nan Budapès elimine nan kous 4 par 400 mèt la.
Basketball
Seleksyon basketball franse a kontinye ap prepare pou koup du mond Basketball ki gen pou dewoule O Japon a pati de 19 Out. Franse yo ap tope kòn yo nan yon tounwa basketball kap dewoule nan vil Atèn an Grès ak patisipasyon Kwasi, la GRès ak Itali. Franse yo te deja montre talan yo nan yon lòt tounwa ki te dewoule nan Strasbourg fas ak Senegal, La Chin ak Lituani. Nan premye tou chanpyona du mond la Tony Parker e konpayi trouve yo nan menm group ak Nijerya, Sèbi e Montenegro, Venezuela, Liban ak Arjantin. Gen 6 jwè kap evolye nan NBA a kap reprezante la Frans nan koup du mond la.
Atletisme
Atlèt ameriken Justin Gatlin ki kontwole pozitif pou pou wo nivo testosteron kapab radye avi epi pèdu rekò du mnd li genyen nan kous 100 mèt de fon an--yon rekò msye pataje ak kourè Jamayiken Asafa Powell. Dapre Federasyon Atletisme entènasyonal la si ajans anti dopaj ameriken an konfime vyolasyon an msye kapab radye avi dapre règleman yo. An lan 2001 Gatlin te teste pozitif pou Aderall yon pwodui entèdi, nan okazyon chanpyona Junò ameriken--msye te benefisye yon sursi apre responsab yo reyalize msye tap pran medikaman an pou l te swaye yon maladi li tap soufri depi ti moun. Selon antrenè an Trevor Graham--Gatlin viktim de yon sabotaj yon tèz espasyalis yo rejte kòm vye ekskuz--ke tout atlèt abitye fè.
Je Sant Amerik e Karayib
Delegasyon Ayiti ki sot patisipe nan 20 tièm je Sant Amerik ak Karayib yo ap retounen an Ayiti jodi a apre yo ranpòte yon total 8 meday 4 an Judo ( 3 an arjan-Variotho Tibert, Ange Marie Mercie Jean Baptiste, Joel Brutus--arjan e bronz)-- 3 meday nan Taekwondo ak yon nan
Tennis
Bèlj Kim Clijsters kale Swis Patty Schnyder 6-4, 6-2 pou l ranpòte tounwa tenis feminen West Classic ki tap dewoule nan Stanford an Kalifòni.
Swis Stanislas Wawrinka ranpòte premye tounwa ATP nan karyèl men pa fason li te swete apre Sèb Novak Djokovic abandone tounwa a akoz yon malèz.
Arjanten Agustin Calleri bat konpatriòt li Juan Ignacio Chela 7-6, 6-2, 6-3 pou l ranpòte tounwa tenis Open Generali a ki tap dewoule nan Kitzbuel an Otrich.
Alman Tommy Haas woule ak kout rakèt Rus Dmitry Tursunov 4-6, 7-5, 6-3 pou l ranpòte tounwa tenis Classic Countrywide la ki tap dewoule nan Los Anjeles Kalifòni.
Boxe
Boksè Meksiken Rudy Lopez kapote ak koute pwen boksè Japonè Takashi Koshimoto pou l ranpòte tit pwa plum Konsèy Mondyal Boks nan Tukuoka o Japon. CN-10 CYCLING GERMANY Siklis espayòl Oscar Freire ranpòte kous bisiklèt ki tap dewoule nan Hambourg an Almay. .