Nèg ak zam yo pa idantifye tonbe tire san gade dèyè sou wout ayeropò a nan Pòtoprens. Kout zam sa yo lakoz 2 mounn mouri pou pi piti e plizyè lòt blese.
Temwen fè konnen yon gwoup nèg ame ki te nan yon veyikil tire plizyè kout zam nan tout direksyon sou wout ayeropò nan jounen mèkredi a.
Korespondan nou Rotchild Francois Junior di nou la polis ap mennen ankèt sou zak sila a.
Lèzetazini fè Ayiti kado medikaman pou yon milyon dola -- medikaman pou trete plis pase 4 mil moun ki enfekte ak virus VIH la ou k ap soufri ak maladi SIDA a.
Medikaman sa a, DIFLUCAN koute chè anpil e’l efikas nan lit kont enfeksyon opòtinis yo, tankou chanpiyon ki leve sou kò malad la, nan bouch li ou nan pati entim li.
Anbasadè ameriken an nan Pòtoprens, Janet A. Sanderson, te remèt “ lo ”medikaman yo pandan yon vizit li fè mèkredi nan lopital Sent Kwa Leogane nan.
Medikaman sa yo pral ede trete pasyan kap soufri ak viris ou ak maladi SIDA.
Kontribisyon sa a, dapre anbasad amerikèn nan nan Pòtoprens, se pou kore efò gouvènman ayisyen an nan lit kont pwopagasyon viris ki bay maladi SIDA a ak nan lit kont SIDA a li menm.
E nòt la di tou “gouvènman ameriken deja pran dispozisyon pou medikaman sa a toujou sou la men ann Ayiti pou trete enfeksyon opòtinis yo.
Klike sou lyen anlè a pou w tande repòtaj sou devlopman nouvèl sa yo ak lòt pwen ki fè aktyalite a ann Ayiti.