Football
Itali kalifye pou final koup du mond la apre yo kale Almay an pwolongasyon 2 a 0. Bato alman an koule nan mwens pase 2 dènye minit aloske nou tap mache sou tir de penalite lè Flavio Grosso resevwa yon pas nan tèt kare a e tronpe gadyen alman pou l enskri premye gòl la. Mwens de yon minit pita Del Pierro kore viktwa a ak yon dezièm gòl . Solèy la kouche sou koup du mond la pou Almay pandan li leve pou Itali kap rankontre ak venkè rankont Frans Pòtugal kap jwe demen Mèkredi. Almay ap jwe match konsolasyon an kont pèdan an.
Prezidan FIFA Sepp Blatter anonse li supòte ide pou yon jwè resevwa 3 kat jonn anvan li suspandu pou yon match. Apre 60 match ki dewoule nan Mondyal-la, abit-yo bay 331 kat jon, 27 katon wouj.
Mwen te dinou sa-a moun ki fè kè pa match sa-yo . Fanatik brezil-yo ka di-nou sa byen . Gen yon brezilyen nan Radyo ki rele Edgar Pinto , mwen pa jann wè depi defèt Brezil devan Lafrans-la . Tou sa se tripotaj ...an al nan aktualite-a . Nan yon ti moman la-a se ap premye demi final-la, nan Dortmound, kote Ammay ap rankontre ak Itali---yon lòt final avan la lettre. Se premye 2 ekip sa-yo ap rankontre nan demi final. Drole de coincidence ,ap gen 6 etwal sou teren-an apske 2 ekip-yo ranpòte Koup dumond-la , yo chak 3 fwa. 2 ekip-yo rankontre 4 fwa nan yon faz final mondyal : 2 viktwa pou Itali, ak 2 nul. Nan tout match yo jwe : Itali ranpòte 13 viktwa, 8 nul ak 7 defèt nan yon total 28 match. Sependan Almay pa jann pèdu nan Dortmound . Sou 14 match entènasyonal , li ranpòte 13 viktwa.
Lòt demi final-la ap mete fas-pou-fas Pòtugal Felipe Scolari-a ak Lafrans demen Mèkredi a. Gen moun kap poze kesyon pou konnen eske brezilyen Scolari pral vanje Brezil kont Lafrans , enben se sou teren-an yap wè sa. La Frans , le tombeur des brezilyen ap rankontre mèkredi ap yon Pòtugal, selon tout lojik-yo ki pat dwe la-a, e sa vle di pòtugè-yo ap gen anyen pou yo pèdi, sa vle di yo pa genb twòp presyon sou-yo. E la frans ak unite ki nan mitan ekip-la depi Togo pou rive sou Brezil , li kapab fè dè mervèy e ranpòte yon 2e mondyal pou kowone karyè Zinedine Zidane kap kite foutbòl.
Premye Minis franse Dominique de Villepin ansanm ak Minis spò Jean Francois Lamour, Minis lòt bò dlo ak fonksyon publik pral asiste demen Mèkredi a semi final ant la Frans ak Pòtugal.
Yè lendi-a komisyon disiplinn FIFA tranche nan ka alman Torsten Frings. FIFA suspann alman-an pou demi final kont Itali-a akoz patisipasyon Frings nan deblozay ki te eklate nan finisman kar de final kont Arjantinn-nan. Frings te supandu pou 2 match, men FIFA redui sanstans-al ak yon match. Ki donk, si Almay kalifye pou final Frings ap disponib pou final-la ou ankò pou match klasman-an si Alamy pèdu mèkredi. Komisyon disiplinnnan te utulize kasèt video- pou pran desizyon-an.
Pandan Mondyal-la ap bouyi ann Almay, Real madrid genyen yon nouvo prezidan: Ramon Calderon, yon avoka ki gen 55 kan. Prezidan deja ap fè pwomès: Kòm antrenè li pwomèt italyen Fabio Capello. Li pwomèt 3 jwè : brezilyen Kaka, olandè Arjen Robben ak espayòl Fabregas .
Toujou an Espay responsab FC Barselòn yo anonse yap pwolonje kontra atakan franse Ludovic Giuly juskan 2008. Entènasyonal brezilyen Roberto Carlos ki jwe yon move mondyal anonse lap pranb retrèt-li nan ekip brezilyèn-nan. Roberto Carlos ki gen 33 zan reprezante yon monuman nan foutbòl mondyal-la avèk 125 seleksyon ak Brezil.
Apre move pèfòmans ekip japonèz-la nan Mondyal-la , Zico, antrenè lage kòl nan peyi Turki kote li pral antrene Fenebahce pou ranplase alman Christoph Daum. Apre 4 tran Zico siyen yon kontra 2 zan avèk klub Istanboul-la.
Gen 5 kandida pami yo 4 fransè ki dèyè plas Henri Michel la kòm antrenè seleksyon Kot Divwar la ki elimine apre yon viktwa ak 2 defèt li subi nan koup du mond la. Antrenè seleksyon Republik Tchèk la Karel Bruckner ap rete nan tèt seleksyon an pou yon lòt 2 zan malgre seleksyon an elimine nan koup du mond la. FIFA anonse tout tès yo fè sou jwè yo pozitif. Responsab yo fè konnen yo teste 16 jwè nan chak ekip ki rive nan kar de final la.
FIFA anonse yon banbòch football an previzyon ak pwochen koup du mond ki pral dewoule an Afrik du Sud an lan 2010. Sekretè Jeneral Nasyonzuni Koffi Annan, prezidan FIFA a Sepp Blatter, prezidan Sud Afriken an Thabo Mbeki ak prezidan komite òganizatè a ap pami pèsonalite ki pral asiste pèfòmans atis Youssou N’Dour, Sean Paul, ameriken dorijin ayisyen Wyclef Jean, Xavier Naidoo.
Nan okazyon 3e jou pwosè nan skandal nan foutbòl italyen-an, pwokurè Federasyon ialtalyèn-nan Stefano Palazzi mande pèn maksimòm pou Jouventous de Turin ..dessann 3e divizyon , pou Milan AC, Fiorentina ak Lazio de Wòm desann nan 2e divizyon. Nap konnen vèdik final la nan semèn-nan. Pandanstan antrenè Juventus la Fabio Capello demisyone kòm antrenè klub la.
Tennis
Tounwa tenis Wibledon-nan kap dewoule nan vil Londr ann Angletè. kay medam-yo bèlj Justine Henin-Hardenn(3) mete fen nan bèl pakour frabnsèz Séverine Bremond ke-l kale an 2sèt : 6-4, 6-4. lap rankontre an demi final ak konpatriyòt-li Kim Clijsters (2) ki mete deyò chinwaz Li Na an 2 sèt (6-4, 7-5). kalifikasyon tou pou Amelie Mauresmo an 2 sèt sou rus Anastazya Miskina . nan demi final Mauresmo ap rankontre ak rus Maria Sharapova(4) ki elimine an 2 sèt konpatriyòt-li Elena Dementieva.
Kay mesye-yo . Men tablo kar de final-la kap dewoule demen mèkredi-a: Roger Federer kont koat sudwa Mario Ancic : Radeck Stepanek kont Jonas Bjorkman ; Leyton Hewiit kont Marcos Bagdatis ; Jarkko Nieminen kont Rafael Nadal.
Cyclisme
Alman Matthias Kessler (T-Mobile) ranpòte 3e etrap-la ki te mezure 216 kilomèt edmi. Chanpyon du mond -la , belj Tom Boonen pran mayo jon-nan nan men Norvejyen Thor Husovd . Michael Rogers ak George repran mayo jon-nan ke George Hincapi respektivman 2e e 3e nan klsaman jeneral .