Football
Ansyen antrenè Yougoslav Ivica Osim konfimen federasyon football Japonè a mande l pou l ranplase Brezilyen Zico nan tèt seleksyon an. Kontra a kapab siyen apre koup du mond la. Seleksyon Brezil la retounen nan peyi l ak men vid menm jan ak seleksyon Arjantin nan ki elimine nan kar de final koup du mond la. Ronaldo anonse li poko ap abandone football entènasyonal malgre defèt seleksyon an subi devan la Frans.
Potugal se sèl seleksyon ki kalifye pou semi final koup du mond la e ki poko ranpòte yon trofe. Rès yo Almay, la Frans ak Itali ranpòte trofe a yon fwa pou pipiti. An palan de Pòtugal antrenè seleksyon an brezilyen Felipe Scolari ap rete nan tèt seleksyon an juskan 2008 kèlke swa rezulta semi final ant La Frans ak Pòtugal. Dapre nouvèl yo Scolari kapab touche 1 milyon 900 mil dola chak ane.
David Beckhman ki kraze yon kite sa kòm kapitèn seleksyon Angle a ap ap pase 6 semèn an repo apre zòbòy li te pran pandan defèt sou tir de palite Angletè subi devan Portugal Samdi--msye kapab retounen an aksyon 4 jou avan nouvo patwon seleksyon an Steve McClaren jwe premye match amikal kont la Grès.
Komisyon disiplin FIFA rejte demand an apèl football ameriken Pablo Mastroeni te fè kont suspansyon 3 match li resevwa nan okazyon rankont Etazuni kont Itali. An plis de 3 match la Mastroeni kondane pou l peye yon amand 5 mil dola. Komisyon an fè konnen footbalè Arjanten Leandro Cufre anglè Wayne Rooney gen jusko 6 Juyè pou bay pozisyon yo.
Prezidan FIFA a Sepp Blatter ouvri yon pòt kote abit ta kapab sèvi ak videyo pou vilide yon gòl. Selon FIFA lap difisil pou abit yo sèvi ak videyo nan lòt sikonstans akoz Kamera yo kapab pa plase nan pozisyon yon aksyon.
Prezidan Federasyon Football Alman an Theo Zwanziger bay antrenè Jugen Klisman jusko 16 Out pou l pran yon desizyon konsènan avni l nan tèt seleksyon an tout swit apre match Almay ap jwe kont la Swèd. Federasyon an ofri Klisman 2 zan ekstansyon avan final koup du mond la men Klisman mande yon delè pou l diskute situasyon an ak fanmi l kap viv Ozetazuni.
20 moun blese pou pipiti lè yon chofè alman antre nan yon zòn kote fanatik football yo abitye gade match koup du mond la. Otorite yo di yo pa konnen si msye te pèdu kontwòl machin nan ou byen si l antre nan foul pa eksprè.
Te gen gwo ensidan nan vil Pari apre viktwa 1 a 0 la Frans ranpòte devan Brezil Samdi. Jè n yo kraze fenèt, mete dife nan machi kalon-nen la polis ak kout boutèy.
Baketball
Peja Stojakovic dakò sou yon kontra 5 kan pou 64 milyon dola ak New Orleans Hornets. Men msye poko kapab siyen kontra a toutotan moratorium NBA a pa pran fen le 12 Juyè.
Cyclisme
Siklis Jimmy Casper ranpòte premye etap kous bisiklèt Tour de Frans la George Hincapie pran tèt klasman jeneral la devan Ostralyen Robbie McEwen ak alman Erik Zabel.
Tennis
Tounwa tenis Wimbledon nan ap redemare jodi a apre yon jounen repo yè Dimanch la.