Accessibility links

Breaking News

Koup du Mond FIFA


Football

Jodi a nap konnen 2 seleksyon kap kalifye pou semi final koup du mond Almay 2006 la lè Almay ap rankontre ak Arjantin nan premye kar de final la. Franz Beckenbauer, responsab komite òganizasyon an, chanpyon an 1974 epi kòm antrenè an 1990 te bay opinyon n sou rankont la."Beckenbauer di rankont la pral enteresan akoz 2 seleksyon yo nan menm nivo men alman yo gen yon avantaj akoz yap jwe a domisil--ekip la motive--se petèt rezon ki fè mwen kwè almay kapab kalifye pou semi final la.

2 zièm rankont kar de final la ap mete Itali fas a Ukrèn kap patisipe pou la premyè fwa nan yon koup du mond. Antrenè Ukrenyen Oleg Blokin rekonèt seleksyon an pral jwe yon rankont difisil fas a Itali.Oleg di la a rive lwen nan tounwa a juska prezan rete yon rèv. Mwen tout patisipan jwe trè byen juska prezan. Italyen gen yon bon seleksyon-jwè yo danjere anpil e li difisil pou pèse defans la. Kar de final la ap rapousib demen Samdi a ak rankont Angletè kont Portugal. Antrenè Pòtugal la Brezil Luiz Felipe Scolari, ki deja bat rekò 11 viktwa afile nan koup du mond FIFA, di li espere Pòtugè yo pral kenbe tèt devan Angle yo. Scolari di la a nou kapab fè kèk modifikasyon nan fòmasyon seleksyon an. Rezèvis yo an fòm donk pa gen pwoblèm sou kesyon sa a. Bòn volonte jwè yo kapab sufi pou fè Angle yo monte yon maswife. Demen apre midi Brezil pral rankontre ak la Frans--yon rankont ki raple final 98 la ke Brezil te pèdu 3 a 0. Kòmantè antrenè Brezil Carlos Alberto Parreira sou stil football brezilyen ki ankese yon gòl e make yon total 10. PARREIRA di pou ki rezon Brezil jwe pi byen ke lòt seleksyon yo? Nou vle jwe bèl football men nou vle ranpòte trofe a--nou vle chanpyon pou yon .

Klike sou ralonj sou tèt atik sa a pou tande plis enfòmasyon sou kar de final Koup du Mond la.

Atletisme

Kourè Britanik Christian Malcolm te kouri pi rapid pase kourè franse Ronald Pognon pou l ranpòte kous 200 mèt koup Atletik Eropeyen an. Rus Olga Zaytseva ranpòte kous 200 mèt kategori feminen an devan Woumen Angela Morosanu ak Polonèz Monika Bejnar

XS
SM
MD
LG