Football
Finalman nou konnen 8 kalifye pou kar de final koup du mond la kote 6 pami yo ranpòte yon total 15 tit pou 17 koup du mond. 2 nouvo venu e ki poko ranpòte yon koup du mond se Ukrèn ak Portugal. Jwè yo pa patisipe nan antrenman jodi a ak demen avan kar de final la kòmanse Vandredi lè Almay ap rankontre ak Arjantin epi Itali kont Ukrèn. Samdi Brezil kont la Frans epi Angletè kont Pòtugal.
Malgre defèt 3 a 0 seleksyon Gana a subi devan Brezil nan 8 tièm de final koup du mond la, fanatik ganeyen yo nan vil Akra kontan pèfòmans Etwal Nwa yo renmèt apre premye kalifikasyon yo pou yon koup du mond e sèl seleksyon Afriken ki travèse premye tou a. Fanatik sa a ki di li rele Viktor di seleksyon ap retounen lakay ak onè."Mwen kwè seleksyon Gana a te rankontre ak zo grann li--yon seleksyon ki chaje ak eksperyans. Seleksyon an fè tout sa l te kapab mè m si l pèdu 3 a 0-tèlman vre yon seleksyon ki patisipe pou la premyè fwa nan yon koup du mond rive kalifye pou 2 zièm tou a. "
Prezidan Ekwatè a Alfredo Palacio ap renmèt yon meday donè bay seleksyon Ekwatè a pou pèfòmans yo nan koup du mond Almay 2006 la kote yo elimine nan 8 tièm de final. Meday sa yo ap renmèt nan okazyon yon resepsyon otorite ap òganize pou jwè seleksyon an ak tout fanmi yo.
REsponsab yo nan football kare ameriken an ranfòse politik yo sou konsomasyon dròg nan disiplin sa a apre yo ajoute amphetamines sou lis dròg ki entèdi a pati de sezon 2007 la. Yon jwè ki teste pozitif pou sezon sa a ap resevwa yon avètisman--donk yon katon jò n--pou l patisipe nan yon pwogram dròg.
A pati de sezon 2007 la jwè yo pral teste pou anphetamin ki antre nan kategori steroyid ansanm ak löt dròg. Yon jwè ki teste pozitif pou la premyè fwa ap resevwa yon suspansyon 4 match-yon 2 zièm fwa jwè a ap resevwa yon entèdiksyon 8 match-yon suspansyon yon lane pou yon 3 zièm tès pozitif. CN-148 NBA DRAFT Asosyasyon Nasyonal Basketball Ameriken an ap òganize tiraj osò nouvo jwè pou sezon an ak ekip Toronton Raptors la ki pral seleksyone numewo 1 sou lis la. 6 meyè jwè ki sou lis la se Italyen Andrea Bargnani, Lamarcus Aldridge( univèsite Tekzas) Adam Morrison ki soti nan Gonzaga. Tyrus Thomas--Univèsite Louisiana.--Brandon Roy--univèsite Washington ak Ruduy Gay Univèsite Connecticut. Chikago Bulls ap seleksyone 2 zièm jwè a epi Charlotte Bobcats ap seleksyone 3 zièm jwè a. Washington Wizards ap seleksyon 18 tièm jwè a.
Tennis
Swis Roger Federer, Espayòl Rafael Nadal, Arjanten David Nalbadian, Swis Martina Hingis, Bèlj Kim Klijsters ak Justin Henin Hardenne figure pami jwè tenis ki kalifye pou pwochen tou tounwa tenis Wimbledon nan.