Accessibility links

Breaking News

Reyaksyon sou Liberasyon Ansyen Minis Enteryè Ayisyen Jocelerme Privert


Men kèk pami pwen ki domine aktyalite a nan peyi d Ayiti vandredi 16 jen 2006 la:

Reyaksyon depaman soti nan rejyon sid peyi a apre liberasyon pwovizwa dènye minis enteryè gouvènman Lavalas la Jocelerme Privert. Yon korespondans Jean Ernst Eliscar depi vil Okay .

Youn nan lidè rebèl Gonayiv yo, ki te kontribye nan ranvèsman gouvènman Jean Bertrand Aristide la, fè konnen li pare pou l'depoze lèzam pandan li lanse apèl bay Polis Nasyonal la ak sòlda MINUSTAH yo pou yo mete fen nan zak vyolans k'ap sakaje Gonayiv akoz batay ant 2 gwoup rival. Alfred Jean gen detay depi vil Gonayiv.

Epitou, responsab nan Konsèy Elektoral Pwovizwa Ayisyen an fè konnen yon pwoblèm ekonomik anpeche yo bay yon dat pou eleksyon lokal yo ak rès eleksyon palmantè yo. Korespondan nou nan Jeremi Luckner Laguerre gen deklarasyon Sekretè-Jeneral KEP a, Enj. Rosemond Pradel.

Fè klik sou ralonj anlè foto a pou w koute nouvèl sa yo an detay.

XS
SM
MD
LG