Accessibility links

Breaking News

FIFA ap Men-nen Ankèt sou Federasyon Football Paragwe a


Football

Federasyon Football Entènasyonal la ap ankete sou nouvèl ki ta fè konpran federasyon footbal Paragwe a ta vann yon pati nan tikè ak yon seri de entèmedyè etranje dapre pòt pawòl FIFA a Andreas Herren. Ajans Frans Près fè konnen responsab Paragweyen yo sanble ta vann mil 500 tikè pou pipiti pou match douvètu fas a Angletè-anviwon mwatye nan tikè sa yo ap jwen yon seri de ajans an Grand Bretay. Gen gwo kè sote épou tikè sa yo pa tonbe nan men machann dezagreman.

Seleksyon ameriken an rive an Almay kote yo pral kontinye preparasyon pou koup du mond-la kap kòmanse Vandredi 9 Jwen.Jodi a Etazuni ap jwe yon match amikal kont Angola ak tout pòt fème.--yon rankont ameriken yo akòde anpil enpòtans.

Brezil wouze Nouvèl Zeland 4 a 0 nan kad dènye match preparatif Brezilyen yo jwe avan dewoulman koup du mond la. Situasyon an poko klè pou la Oland ki fè match nul 1 a 1 ak Ostrali yè Dimanch la. Gana woule Kore du Sud 3 a 1. Kote Divwar pilon-nen Sloveni 3 a 0. Japon ranpòte yon viktwa tou mens 1 a 0 devan Malt.

Abit arjanten Horacio Elizondo, ki gen 42 zan, ap dirije match douvètu koup du mond ant Almay ak Kosta Rika dapre desizyon komisyon abit FIFA a, ki deziye abit pou lòt 15 match pou premye tou a. Elizondo ap gen kòm juj de liy ou byen asistan 2 lòt abit arjanten Otero Odolfo ak Garcia Dario. Chilyen Chandia Carlos se 4 trièm abit epi chilyen Julio Cristian kòm 5 kièm abit. Koup du mond Almay 2006 la ak 56 zièm Kongrè FIFA an figure nan sant kesyon komisyon FIFA abòde nan seyans kap dewoule depi 3 Jwen e kap fini jodi a Lendi 5 Jwen an.

D-C United won DC United kale New England Revolution 1 a 0 pou l domine konferans de Lès la ak 24 pwen. Antrenè klub Washington nan Peter Nowak di jwè yo te suiv konsiy li te Nan lòt rankont ki jwe nan MLS la pandan Week-end nan Colonbus Crew make 2 gòl pou l kale FC Dallas 2 a 1. Los Anjeles Galaxis tonbe devan Houston Dinamo 2 a 1. Real Salt Lake benyen Chikago Fire 3 a 1.New York REd Bulls fè match nul 1 a 1 ak Kansas City Wizards. Chivas Uns pilon-nen Kolorado Rapids 4 a 1.

Tennis

Espayòl Rafael Nadal ap ogmante rekò sou teren an tè batu apre viktwa an 4 manch li ranpòte devan Ostralyen Lleyton Hewitt 6-2, 5-7, 6-4, 6-2. Nadal ranpòte yon total 57 viktwa afile sou teren an tè batu. Franse Julien Benneteau tounen premye jwè tenis franse ki kalifye pou kar de final tounwa tenis Roland Garos la kap dewoule nan vil Pari apre espayòl Alberto Martin deklare fòfè pandan premye manch la. Benneteau klase 95 jwè mondyal.

NBA.COM Miami Heat, ki elimine Detroit Pistons ap reprezante Konferans de Lès nan final nasyonal NBA a, fas a Dallas Marverikcs ki elimine Phoenix Suns. Final la ap demare Jedi lakay Dallas kote 2 premye rankont yo ap dewoule.

XS
SM
MD
LG