Accessibility links

Breaking News

Premye Minis Jacques Edouard Alexis Di Kabinè a Prèske Fin Konplè


Premye Minis ayisyen an, Jacques Edouard Alexis, fè konnen li deja sèten sou ki moun ki pral fòme 80-pousan Kabinè Ministeryèl la, men rete kèk pòs pou li konble nan semèn nan.

Msye Alexis deklare tou li prè pou li reponn konvokasyon Sena Repiblik la e prezante, madi k'ap vin la a, Deklarasyon Politik Jeneral li. Si Sena a apwouve Deklarasyon sa a, Jacques Edouard Alexis pral kapab kòmanse travay toutbon kòm nouvo Chèf Gouvènman nan Pòtoprens.

Sa rive yon jou apre Premye Minis gouvènman tranzisyon an, Gérard Latortue, te prezante demisyon n ofisyèlman pandan l'ap repoze li aletranje, apre yon randevou medikal. Radyo nan kapital ayisyèn nan site Prezidan Sena a, Joseph Lambert, ki ta konfime ke li resevwa lèt demisyon Msye Latortue a.

Nan interview Msye Latortue te bay Sèvis Kreyòl Lavwalamerik semèn pase a, li te demanti bri kòmkwa se sove li te sove kite Ayiti sou pwoteksyon entènasyonal. Sa pa anpeche opozan rejim tranzisyon an kontinye ap lanse kritik sou fason li pati a, anvan nouvo Premye Minis la prete sèman.

Fè klik sou ralonj anlè foto a pou w koute yon repòtaj Rotchild François, Jr. ak lòt enfòmasyon sou Ayiti.

XS
SM
MD
LG