Accessibility links

Breaking News

Sena Ayisyen an Bay Jacques Edouard Alexis Jiska Madi Pou Deklarasyon Politik Jeneral li


Sena ayisyen an bay Jacques Edouard Alexis jiska madi 6 jen an pou li prezante Deklarasyon Politik Jeneral li, apre plizyè jou kote nouvo Premye-Minis ki ratifye nan 2 chanm yo pa rive antann ni ak palmantè yo pou li ka jwenn yon majorite vòt. Nou gen detay ak Renan Toussaint, ki nan Pòtoprens.

Yon lòt kote, MINUSTAH ap opere kèk chanjman ak transfè pandan l'ap pare tann arive nouvo Reprezantan Sekretè-Jeneral L'ONU an ann Ayiti, Edmond Mulet. Yvan Martin Jasmin gen nouvèl sa a depi Kap-Ayisyen.

S.O.S Jounalis, yon òganizasyon pou defann dwa travayè laprès ann Ayiti e ba yo soutyen ki nesesè pou yo ka pi byen fonksyone, se te youn nan envite 55èm asanble jeneral I.P.I [Enstiti Entènasyonal Laprès] nan peyi Ekòs, semèn ki sot' pase a. Responsab S.O.S Jounalis la, Guy Delva, reponn kesyon Chérubin Dorcil depi vil Lond, nan peyi Angletè.

Fè klik sou ralonj anlè foto a pou w ka koute tout repòtaj sa yo.

XS
SM
MD
LG