Accessibility links

Breaking News

Ukrenyen Andriy Shevchenko Siyen yon Kontra ak Chelsea


Football

Klub football angle Chelsea siyen yon kontra 4 tran ak footbalè Ukrenyen Andriy Shevchenko pou prèske 56 milyon dola. Akö sa a siyen apre klub angle a te siyen yon lòt kontra ak alman Michael Ballack ak Ivwaryen Salomon Kalou. Pandan 7 tan Shevchenko pase ap jwe nan Milan A-C msye make 173 gòl.

Brezil kite tonbe defansè klub Barselon nan Edmilson akoz yon blesu nan pye. Se Mineiro kap jwe nan San Paolo kap ranplase l. Mineiro, ki gen 30 tan, jwe sèlman 2 match pou seleksyon Brezil la.

Paragwe ranpòte premye viktwa l sou yon total 5 rankont apre yo kale Jorji 1 a 0 an Otrich. Iran remonte yon defisi 2 gòl pou l kale Bosni-Erzegovin 5 a 2. Estoni fè match nul 1 a 1 ak Nouvèl Zeland. Sengapour kale Malezi sou tir de penalite 5 a 4 apre tan reglemantè a te fini 0 a 0. Itali fè match nul ak la Swis 1 a 1. Sloveni wonfle Trinidad and Tobago 3 a 1. La Frans kale Danmak 2 a 0.

Atakan seleksyon Danmak la Pedro Pauleta blese nan jenou dwat pandan yon seyans dantrenman. Brezilyen Ronaldinho, franse Thierry Henry ak Alman Michael Ballack reprezante footbalè kap fè pale de yon anpil pandan koup du mond la. Stad Munick ak Gelsenkrichen ap louvri pòt yo 4 trè-d-tan avan debu match koup du mond yo. D-C United danse sou Kolonbus Crew 5 a 1 nan yon rankont ki jwe yè swa isit Washington pou l rete nan tèt klasman jeneral la ak 21 pwen. Jaime Moreno make 100 tièm gòl nan karyè l. Kolorado Rapids ranpòte yon viktwa tou mens devan Los Anjeles Galaksi 1 a 0.

Tennis

Ansyen chanpyon tounwa tenis Roland Garos la Rus Anastasia Myskina ak Sèbo/Montenegren Ivanovic kalifye pou 3 zièm tou tounwa kap dewoule nan vil Pari. Myskina te bezwen 2 manch pou l kale Ongwa Melinda Czink 6-2, 6-4. Myskina pral rankontre Ivanovic ki kale franse Emilie Loit 6-1, 6-1. Daniela Hantuchova remonte yon defisi pou l kale Swis Emmanuelle Gagliardi 3-6, 6-2, 6-3.

Bò kote mesye yo Tchèk Radek Stepanek woule Italyen Davide Sanguinetti 6-3, 6-3, 6-1. Ostralyen Lleyton Hewitt kalifye pou 3 zièm tou apre elimine franse Mathieu Montcourt 7-5, 6-3, 6-3. Bèlj Olivier Rochus tronse Tchèk Jiri Vanek 6-2, 6-0, 6-2. Rochus pral rankontre ak espayòl Albert Martin ki elimine alman Dieter Kindlman 6-3, 6-3, 6-3. CN-24

NBA

Detroit Pistons toujou an vi nan chanpyona basketball ameriken an apre yo danse sou Miami Heat yè swa 91 a 78 pou mete seri a 2 viktwa kont 3 defèt. 2 ekip yo ap rankontre demen swa pou 6 zièm rankont la. Aswè a Dallas Mavericks ap akeyi Phoenix Suns.

XS
SM
MD
LG