Accessibility links

Breaking News

Premye-Minis Latortue Demanti Bri Kòmkwa Li Ta Sove Kite Ayiti


Nan sa Premye-Minis Gérard Latortue rele dènye interview l'ap bay anvan yon nouvo Chèf Gouvènman antre an fonksyon nan Pòtoprens, li rejte kare-bare pawòl ki fè konprann li sove kite Ayiti paske gen moun ki vle arestasyon li.

Msye Latortue di Sèvis Kreyòl Lavwadlamerik la, madi 30 me a, li te planifye vwayaj li Etazini depi byen lontan e se rezon familyal ki mennen l' retounen isit. Sepandan, li pa di si l'ap tounen ann Ayiti ni kilè.

Tankou nou kapab tande l' nan interview sa a, Gérard Latortue drese yon bilan pozitif pou de zan li pase sou pouvwa a, sepandan li rekonèt li te echwe nan domèn jistis la. Li fè konnen youn nan pi gwo regrè li se paske, malgre tout efò li te deplwaye, li kite pouvwa a san ansyen Premye-Minis Yvon Neptune pa libere nan prizon.

Fè klik sou ralonj anlè foto a pou w koute ti kozman sa a ak Gérard Latortue, kote li abòde divès dosye soti nan chwa li kòm Premye-Minis an mas 2004, pase nan evolisyon tranzisyon an, rapò ak klas politik la, Konsèy Saj la, epi kominote entènasyonal la, pou rive nan kesyon byen li posede, zafè richès anba lanmè ki ta pèdi nan move kondisyon, akò 22 fevriye 2006 la, patans li pou peyi etranje, elatriye.

XS
SM
MD
LG