Men kèk pami pwen k'ap fè aktyalite nan peyi d Ayiti:
Jacques Edouard Alexis ap pare pou li prezante Politik Jeneral pwochen gouvènman an devan Palman ayisyen an, apre li fin jwenn yon vòt pozitif sou dosye li ni nan Sena a ni nan Chanm Depite yo. Clarens Renois ak Jn-Ernst Eliscar se 2 korespondan Lavwadlamerik ki kouvri dosye sa a pou nou.
Yon delegasyon Fon Monetè Entènasyonal (FME) pral rive Pòtoprens anvan lontan pou travay ak responsab lokal yo anvan gwo konferans peyi donatè yo, 25 jiyè pwochen, nan kapital ayisyèn nan. Yon korespondans Jn-Pierre Leroy.
Nan Latibonit, plizyè blese ap resevwa swen lopital apre yon mache-kontre ant 2 gwoup rival ki te gen zam nan men yo. Jounalis Alfred Jean pataje enfòmasyon sa a avèk nou.
Fè klik sou ralonj anlè foto a pou detay.