Tennis
Swis Roger Federer ki ranpòte 7 tounwa tenis Gran Shelem resevwa pou yon 2 zièm ane pri Laureus Spòtif Mondyal la nan vil Barselòn an Espay. Msye ranpòte pri a apre li ranpòte tounwa tenis Wimbledon nan, Flushing Meadow a ak Entènasyono Ostrali a pandan 12 dènye mwa yo. Federer figure pami 3 atlèt mondyal ki resevwa Pri Laureus 2 zan afile--lòt yo se kourè otomobil alman Michael Schumacher ak gòlfè ameriken Tiger Woods. Lòt spòtif ki resevwa pri nan okazyon an se adolesan espayòl Rafael Nadal ki resevwa pri meyè debutan pou ane a ak Swis Martina Hingis ki resevwa pri meyè jwè ki retounen sou sè n entènasyonal apre yon retrèt.
Ostralyen Lleyton Hewitt ap monte yon maswife nan preparasyon lap fè pou tounwa tenis Roland Garos la. Hewitt tonbe 3-6, 6-3, 7-6 devan Brezilyen Marcos Daniel nan ouvètu tounwa Intènasyonal kap dewoule an Otrich.
NBA
Semi final chanpyona nasyonal la konu kote pral gen yon nouvo chanpyon apre 2 rankont ki jwe yè swa . Dabò final konferans de Lwès la ap dewoule ant Phoenix Suns ak Dallas Mavericks. Dallas rive nan final la apre li kale an pwolongasyon chanpyon sòtan an San Antonio Spurs 119 a 111. Pandan ke Phoenix Suns te fè yon sèl bouche ak Los Anjeles Clippers 127 a 107. Semi final la ap demare jodi a nan konferans de Lès la kote Detroit Pistons ap akeyi Miami Heat nan kad seri 7 rankont. Demen Mèkredi Phoenix Suns ap rankontre ak Dallas nan yon seri 7 rankont. Venkè nan chak konferans yo ap rankontre pou demine nouvo chanpyon nasyonal pou sezon an.
Responsab yo nan NBA a anonse Vil Nouvel Orleans ap akeyi rankont tout vedèt pou sezon 2008 la-pi presizeman 17 Fevriye 2008.
Football
Seleksyon Brezil la rive an Swis yè Lendi a kote yo pral antrene. Brezilyen yo pral subi tès medikal jodi a epi kòmanse preparasyon yo. 4 Jwen brezilyenyo gen pou jwe yon match amikal kont Nouvèl Zeland avan yo mete tèt pou Almay. Antrenè Parreira fè konnen yap patisipe nan koup du mond la ak yon sèl objektif ranpòte la viktwa. Nan staf teknik la nou jwen Mario Zagallo ki te ede Brezil ranpòte koup du mond la an 1958 ak 1962 e kòm antrenè seleksyon ki te ranpòte koup du mond la an 1970. Msye te kontinye antrene Brezil an 1974 ak 1998. Msye te asistan antrenè an 1994. Apre Togo ak Angola ki deja an Almay gen 4 lòt ekip ki gen pou rive an Almay semen sa a--se Gana, Kosta Rika, Japon ak Arabi Sawoudit