Sekretè-Jeneral Òganizasyon Nasyonzini an, Kofi Annan, nonmen diplomat Edmond Mulet (moun peyi Guatemala) pou ranplase Chilyen Juan Gabriel Valdes kòm prensipal reprezantan li nan peyi d Ayiti.
Edmond Mulet pral dirije misyon stabilizasyon L’ONU an, MINUSTAH, ki gen anviwon 9-mil-500 sòlda ak polisye. Msye Mulet se anbasadè Guatemala nan Inyon Ewòp la. Li te dirije misyon diplomatik gwatemaltèk la tou Ozetazini. Gen lontan depi l’ap pale anfavè respè dwa moun, demokrasi ak solisyon pwoblèm popilasyon endijèn yo nan Guatemala.
Lòt nouvèl sou Ayiti:
Gouvènè Jeneral Kanada a, Michaelle Jean, ki t'ap vizite Jakmèl, pwomèt pou l ede nan reparasyon yon lopital ak retablisman elektrisite nan vil la kote nou gen korespondan nou Jean Martinez. Koute li pou detay.
Epi, gwoup k'ap defann dwa moun yo rann otorite penitansye yo responsab ensidan ki te rive nan Gran Prizon Pòtoprens la dimanch 14 me 2006 la, pandan René Préval t'ap sèmante nan Lachanm pou l'tanmen manda prezidansyèl li a. Korespondan nou Renan Toussaint di nou RNDDH [Rezo Nasyonal pou Defann Dwa Ayisyen yo] se youn nan gwoup sa yo.
Fè klik sou ralonj anlè atik la pou w ka koute tout repòtaj sa yo.